Yon Ansyen ajan PNH plede koupab devan Lajistis Amerikèn

Jean Robert Casimir, yon ansyen ajan Polis Nasyonal peyi Dayiti (PNH) ki vin natiralize kòm sitwayen ameriken, plede koupab madi 4 out 2026 la devan tribinal Ozetazini. Li rekonèt patisipasyon li nan plizyè chèf akizasyon tankou konplo, kontrebann, ak vyolasyon lwa ki regle ekspòtasyon zam.

Dapre detay jounal Miami Herald rapòte, Depatman Jistis peyi Etazini (DOJ) konsidere misye kòm yon pyès enpòtan nan yon rezo ki rive voye ilegalman pou pi piti 140 zam a fe nan peyi Dayiti depi nan lane 2020. Trafik sa yo fèt an kachèt pou kontoune kontwòl ladwàn tou de peyi yo.

Otorite federal ameriken yo te mete lapat sou Casimir, ki gen 53 an, nan mwa desanm 2024. Arestasyon sa a te vin posib apre yon ankèt apwofondi te rive jwenn tras ki relye ansyen polisye a dirèkteman ak de (2) fizi daso semi-otomatik modèl AR-15, ki te fè pati kagezon zam klandesten yo.

Kondanasyon Casimir la mete aksan sou trasay k ap fèt pou dechouke rezo k ap soti zam nan eta Florid pou alimante ensekirite a sou teritwa ayisyen an. Lajistis amerikèn poko pibliye dat ofisyèl pou pwononse santans final la kont ansyen ajan PNH la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Arrestation de Laury Lacombe, dite « Tikreyòl », concubine du chef de gang « Chalè »

La Police Nationale d’Haïti (PNH), à travers le Bureau des Affaires Criminelles (BAC) de la …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager