Cheri fè Tibèf pou mwen !

Fanm kou gason lè y ap fè bagay, anndan fè bagay la menm konn gen anpil bagay ki rete sou baboukèt, kidonk ki pa di, ki pa fè osnon yo pè fè. Ki kote sa konn soti ? kòz la konn soti depi nan fason relasyon an konstwi. Yon relasyon ki konstwi nan manti kote 2 moun yo pa montre vrèman kiyès yo ye ka gen anpil rezèv lè moun yo ap pataje kò yo, melanje santiman yo.

Yon fanm ki pran pòz sè legliz li pandanstan li se yon limena ap gen pwoblèm pou l mande pozisyon lè nèg li ap koupe l, paske rimè a ta fè kwè moun legliz pa koupe menm jan ak moun ki deyò yo. Konsa nèg sa ap difisil pou l jwenn yon seri plezi nan men fanm sa a. Menm jan pou yon gason ki pran pòz pastè l oubyen egare l, si l oze mande kèk pozisyon fanm nan ka dekouvri aklè se yon grenn senk li ye.

Youn nan bagay ki toujou yon ti kras difisil pou fè oubyen mande lè 2 moun ap koupe se tibèf la. Anpil fanm kou anpil gason remen lè yo fè tibèf pou yo, men yo konn pè mande patnè yo l, sitou lò relasyon an fèk tanmen.  Gen moun ki fè konnen lè w jwenn yon moun ki konn fè tibèf byen, w ap jwenn yon plezi kote w p ap gen mo pou w kole sou li. Medam yo renmen nèg k ap byen tete krèk yo san move kout dan ni tou san bave nan koko yo. Mesye yo pa renmen lè fanm nan ap pran pòz l ap souse, epi li p ap souse vre, si w ap souse se souse byen pa dwe gen rezèv nan tibèf la, konsa tou gen nèg ki konn pa vle twòp tibèf pou yo pa vini twò vit pou plezi a pa di bonjou orevwa menm kote a.

Fòk nou di tou gen moun ki pa renmen l, gen moun ki twouve li pa yon bagay ki pwòp pou yon moun fè, kòmsi fè bagay se yon bagay pwòp, adye wi dan ! Pafwa yo konn gen rezon, paske si w tonbe sou yon moun ki malpwòp, ki pa konn kouman pou l pran swen pati l, ou ka regrèt ou te al vizite peyiba tèlman w ka pran souflèt marasa.

Nan yon relasyon, dwe gen dyalòg sou tout sa ki ka kenbe relasyon an djanm, kidonk dwe gen dialòg sou fason n ap fè lanmou, sou plezi nou anvi pran ak jan nou anvi pran l.     Tabou yo dwe al bwa chat pou nou ka di sa nou vle aklè lè n ap fè lanmou. Nou pa dwe wont di mennaj nou, mari nou, madanm nou fè tibèf pou nou paske nou renmen l anpil, nou pran anpil plezi ladan l. kit ou se kretyen, kit ou se yon moun poze osnon yon limena gran kreyè, yon grenn senk, alèz ak patnè w epi mete l alèz tou, pou relasyon nou sispann gen fo vizaj, konsa youn ap tòtòt pou lòt.

MED
dorvelus812@gmail.com
(509) 40275317

 

 

Kredi foto: L’essentiel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …