Neg la touye madanm li ak kout kouto/ krim konjigal / sa lalwa di?

Depi kek jou n’ap tande nan radyo ke gen Yon mesye ki   touye  madanm li ak kout kouto jakmel gen moun ki di se paske fi a bay misye kout pitit men gen Yon odyo nou tande ki bay Yon vesyon ki plis sanble se fi a ki pa vle bay neg la pitit li e ta sanble fi a vle kite misye tou.

 

Ann gade tout aspè yo selon lalwa:

 

Menm lè fi a ta ba nèg la Yon kout pitit lalwa pa dakò pou okenn moun fè tèt ou jistis.

 

Depi Yon moun  gen dout sou yon ti moun li kapab ale lajistis pou mande jij ki ap sou dosye a otorize yon tès ADN. Nan ka sa si fi  a ta  refize bay timoun nan pou fè  tès ADN pou eklèsi kesyon an , jij la ka deside mande  komisè gouvènman an  pou fòse manman an bay timoun nan pou tès la fèt. Si tès ADN nan di pitit pa pou neg la , fi à ka al  nan prizon pou soti Yon  mwa rive  Yon lane . E fi a ap gen pou dedomaje neg la  pou tout kob Li depanse pou pitit sa. ( Atik 5 lwa sou patènite, Matènite, filyasyon ak atik 318 kòd penal)

 

Si se pasyon, jalouzi   ki monte nèg la Atik 269 kod penal la di pa gen okenn ekskiz pou Yon mari ki touye madanm Li oubyen Yon madanm ki touye mari Li.

 

Afè moun kap di se Krim pasyonèl Yon nèg ki touye fanm ni pou kesyon lanmou , jalouzi Krim sa pa ekskizab . Nan kòd penal peyi Dayiti pa gen pyès kote yo pale de Krim pasyonel e  pa gen pyès définisyon jiridik pou Krim pasyonel nan Lalwa peyi Dayiti . Se avoka ki konn itilize sa pou sansibilize e defann kliyan yo pou yo we si yo ta diminye pèn nan.

 

Nèg sa ki fè Krim sa eske li mérite defans ? eske Li defandab?

 

Avoka la pou defann tout Koz menm si Koz la  pa onorab menm si li repiyan. Avoka a jire pou li defann tout moun nan respè lalwa . Pandan avoka a ap defann kliyan an se lajistis lap ede pou laverite blayi.

 

Pou moun kap mande eske mesye ki touye madanm Li jakmel  la merite defans map di wi. eske Li ka lage ? Depi wal nan jijman ou ka lage.

 

Menm lè tout avoka mesye sa kontakte  ta pa deside asistel batonye a ap bay Yon avoka kanmenm .

 

Gen moun ki ap di ak ki kè pou Yon avoka ta val defann Yon kriminèl konsa?

 

Le’w we yon avoka ap defann Yon kriminèl , Yon vyolè , Yon asasen , Yon pedofil ,sa pa vle di avoka a dako ak Zak yo fè a . Yon pwosè  pa ka yon vanjans ou Yon regleman kont , Yon pwosè dwe ekitab sa vle di fok moun yo akize a ka pale e gen moun ki asistel  pou eksplike rezon ki fel fe Zak la .

 

Yon odyans, Yon pwosè dwe respekte Yon pwosedi e règ dwa yo ke akize a  pa fòseman  konnen ,  se avoka li ki sipoze la pou edel .Kelkeswa Zak Yon moun fè ou se Yon  prezime inosan jiskaske la jistis kondane’w.

 

Jan Hippocrate te dil la  nou menm avoka nou pa swaye maladi men nou swaye malad la , se poum diw ke nou pa defann Krim men  nou defann moun ki komèt Krim nan.

 

Sak fè bote pwofesyon pa nou an nou se dènye moun kap kanpe bo kote’w avek respè kelkeswa Zak ou fè à. Depi wap viv ou ka vyole la lwa vonlontèman ou envolontèman . Nou se moun kriminèl la , kadejakè, volè  a ka konfye nou sekrè Li  sou Zak Li komèt la nou jire pou nou  pa devwale  sa , nou avoka yonn nan prensip nou se  respe sekrè  profesyonel.

 

Nou gen dwa defann moun nou vle , tout fot  nèt se moun ki komèt yo e nou tout se moun . Pa gen moun ki pafè, gen moun yo poko arete ki pi mal pase sa yo arete anverite.

 

Antouka lè tout moun abandone kriminèl la , kadejakè a, pedofil la, volè a sel moun kap la bò Kote’l ap goumen pou li , ap batay pou yo respekte dwa Li malgré kritik se nou menm avoka.

 

Alò wa konprann ke si gen pou « Humain » se nou ki « humain »  si gen pou gen bon kè se nou ki gen bon  kè.

 

Me Pelex Fleremehttps

www.facebook.com/fleremelaw/

 

✉✉✉✉✉✉✉✉

 

kredi foto: Xalima.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …