BANDI YON PWOFESYON KI BAY ANPIL LAJAN, POUVWA AK POPILARITE NAN PEYI DAYITI DÈNYE TAN SA YO.

Depi kèk tan peyi Dayiti ap viv yon moman difisil ak yon politik de grenn goch ki chita sou blòf manti magouyè egoyis peze souse, koripsyon poun site sa yo pandan pa gen travay, lavi chè ap taye banda, timoun pa ka ale lekòl, lajan ameriken ap souflete goud la chak jou Bondye mete.

Pandan senatè depite minis direktè jeneral, prezidan, moun ki di yo se opozan pran pòz yap defann pèp ap byen vire ap jwi ak lajan taks ti pèp la nan woule bèl machin, achte gwo kay nan tout kwen nan mond lan, pitit yo ap etidye nan peyi etranje..etc yo gen tout privilèj ki genyen.

Pou asire privilèj yo, yo itilize pèp la pitit malere yo ki pa gen aksè ak lekòl manje dlo pou yo bwè, ki pa gen kote pou yo rete yo ba yo zam fè yo goumen antre yo, fè youn ap touye lòt jis pou gen kontwòl yon lokalite lè eleksyon oubyen touye moun ki an fas yo oubyen kap denonse move zak ke yap komèt. Sa vin lakoz bandi vin tounen yon pwofesyon yon djòb yon biznis nan peyi a.

Bandi pouse nan peyi a pi mal pase djondjon, elèv kite lekòl pou antre nan bandi, etidyan kite fakilte pou antre nan bandi, menm kèk polisye oblije antre nan bandi pou fè lajan fasil epi jwenn kouvèti ak finisman boujwa yo, otorite yo, moun ki di yap defann dwa moun yo, moun ki bay tèt yo non opozisyon yo poun site sila yo.

Kounye a chak kotew pase nan peyi a ou tande genyon bandi kap kòmande sa ki lakoz lannwit kou lajounen katouch ap tire moun ap mouri anba bal, bandi yo pa janm gen pwoblèm katouch e poutan lapolis ki fòs legal peyi a pa ka jwenn katouch.

Lè lapolis resi fè yon entèvansyon nan yon zòn yon bandi tonbe ou tande lapolis fè masak polisye yo oblije nan mawon moun ki di yap defann dwa moun voye pye, politisyen rele pèsekisyon politik yo di abi men lè bandi yo touye yon polisye yon ti malere ki pral chache lavil pèsòn pa di anyen se kòm si moun sa yo pa moun.

Bandi pa bò isit gen tout non, ou tande yo se militan, yo se patizan, yo se lidè, yo fè sa yo vle jan yo vle, kote yo vle lè yo vle. Se yo ki majistra, se yo ki delege yo fè resèt nan mache, yo touche kòb kouran, yo touche kòb dlo…etc Yo bay lapolis defi.

Pi gwo defisi ki genyen nan biznis bandi a, se ke wap mouri e se moun ki bay misyon an ki toujou detwi yo, pafwa se pwòp sòlda yo ki touye yo jis pou vin chèf, men moun ki ap finanse yo a swa nan bay yo lajan ak zam toujou ap viv nan gwo pòs woule bèl machin jwi tout privilèj pandan bandi a li menm li toujou nan kache toujou ap veye si yo pap vin atakel.

Kredi foto: HPN

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …