7 FEVRIYE YON DAT KI PAJANM MOURI NAN LESPRI PÈP AYISYEN AN DEPI APRÈ 33 LANE

3 PWEN KI MAKE JOUNEN 07 FEVRIYE 2019

Jan opozisyon an , ak jèn petwo Challengers Yo te anonse manifestasyon sou tout teritwa peyi a pou jounen 07 fevriye 2019 La, daprè konsta yo depi nan mèkredi 06 fevriye popilasyon an te deja montre kòman yo deja pare pou foule beton an nan lajounen ki ta pral 07 fevriye a, lè nou konsidere kòman yo te deja ap konteste nan divès vil nan peyi a tankou: Mibalè, okay, ak nan divès komin ki twouve yo nan zòn metwopolitèn lan depi nan 06 fevriye.

Premye pwen ki make jounen 07 fevriye 2019 la:

PLIZYÈ MILYE ABITAN PRAN LARI POU MANIFESTE KONT LAVI CHÈ EPI KONTINYE MANDE DEMISYON PREZIDAN REPIBLIK LA.

Jedi 07 fevriye 2019 la plizyè milye nan popilasyon k’ap viv nan zòn metwopolitèn lan pa’t rate randevou sila pou mache nan divès zòn nan kapital la, nan lide pou manifeste kont lavi chè epi kontinye mande depa chèf leta peyi ki selon yo pa an mezi pou reponn ak bezwen popilasyon an.

Yon manifestasyon ki te rive fè pakou li ak yon pati ki te sòti sou plas Dessalines ki channmas la, yon lòt bout ki sòti aviyasyon , ak kafou pòs Machan ak lòt kote a ankò pou al reyini sou wout ayopò , monte sou wout Dèlma, tonbe Petwonvil , desann sou wout Boudon, pou rive sou Lali , jan sa toujou ye manifestan yo t’ap mache ak bòl , kiyè, chodyè nan men yo pandan yo t’ap lanse anpil pawòl ki pa fè byen ak pouvwa an plas la.

Yon fwa yo rive ba lali Kontestatè yo ta pral tante antre sou channmas men Lapolis sou bò pal te deja pran tout mezi pou te anpeche kontestatè yo franchi espas la depi nan kèk kafou ki ka pèmèt ou antre channmas. Men kanmèm te gen yon ti gwoup nan yo ki te antre e ki ta pral eseye desann bò tou 2004 la nan lide pou antre e, epi okipe espas palè Nasyonal la men sou plas Lapolis ta pral kraze ti foul sa pandan yo t’ap lanse gaz lakrimojèn epi dlo grate a , sa ki ta pral nève gwoup manifestan sa yo , menm kote Gwoup kontestatè sa yo ta pral lanse wòch nan direksyon Polis yo, yon lòt ti gwoup nan manifestan yo te rive Kraze yon  »STAND » ki te konstwi pou aktivite prekanavalès yo nan do estati Henry Christophe ki tou prè tou 2004 la , lapolis te reyaji aprè dega yo, e se la nou kapab di manifestasyon si la an ta pral rive nan bout li.

2zyèm pwen ki make jounen 07 fevriye a 2019 la :

APRÈ YON MWA AK 17 JOU RADYO KISKEYA RETOUNEN YON LÒT FWA ANKÒ SOU FREKANS LI.

Aprè lokal Radyo tele KISKEYA te ravaje anba yon gwo dife nan lannwit 21 desanm 2018 la. Yon ensandi ki ta pral lakoz tout emisyon ki te konn difize sou ond Radyo ak sou Chèn Tele a te kanpe depi nan menm an , a koz aparèy ak lòt dokiman ki te twouve yo nan espas la Te boule anba gwo dife si la. Aprè anviwon yon semèn anpil demach pou pote Solidarite ak Radyo Kiskeya te fèt bò kote sipòtè Radyo a isit kou lòt bò dlo yon fason pou radyo a te ka rejwenn gou bouch li pi rapid posib , san bliye divès Direktè lòt Radyo Ki te ofri Espas nan Radyo pa yo ak divès emisyon ki konn difize sou ond radyo KISKEYA , yon òf Liliane Pierre Paul ak Dandel Dandin te Aplodi men yon pa’t asepte.

Finalman aprè yon mwa 17 jou radyo KISKEYA retounen sou menm frekans li nan lide pou tout Jounalis yo ak rès ekip la kontinye fè travay yo te bay tèt yo kòm objektif la.

3zyèm pwen ki make jounen 07fevriye 2019 la:

07 FEVRIYE 2019 LA FÈ PREZIDAN JOVENEL MOÏSE 2 LANE DEPI LAP DIRIJE PEYI DAYITI.

Aprè eleksyon mwa Novanm 2016 yo kote Rezilta konsèy Elekroral pwovizwa (CEP) yo te konfime se Jovenel Moïse ki ranpòte lamayòl avèk 55,67% anba banyè PHTK , touswit 07 fevriye 2017 Li ta pral prete sèman kòm chèf leta peyi Dayiti , 07 fevriye 2019 sa deja fè 2 lane depi Jovenel Moïse ap dirije peyi Dayiti.

Yon 2zyèm ane ki rive jwenn Chèf leta Nasyon an ak lòt Pwòch pouvwa a nan yon moman panik, lè nou konsidere kòman sektè ki fè pati opozisyon an , jèn Petwo Challengers yo ak lòt moun ki fistre sou kòman sitiyasyon sosyal , ekonomik ,politik peyi a te pran Lari nan divès depatman nan Peyi a pou egzije depa Prezidan Repiblik la.

Fòk Nou ajoute tou 07 fevriye 1986 ,07 fevriye 2019 sa fè 33 lane depi pèp ayisyen an te rive chavire rejim Duvalier a , yon dat istorik ki rete nan memwa pèp Ayisyen kote yo toujou selebre’l chak ane swa nan fè manifestasyon, konferans ,ak lòt ankò.

+50948130891

sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …