JOVENEL MOISE PRAN NAN TI SOULYEL, OPOZISYON AN AP PWOFITE PÈP LA NAN LARI SAN DESTINASYON.

Depi kèk ane pèp ayisyen ap soufri de tout kalte pwoblèm kote pa gen sekirite, lopital kote pou yo pran ti moso laswenyay , kay pou yo dòmi, lekòl pou voye pitit yo. Lavi chè vin jwenn ak dola kap souflete goud la chak jou Bondye mete pandan anpil nèg pa bò isit ap byen vire, yap touche an us, yo gen tout privilèj tankou: frè chak mwa, kat debi, sekirite, machine, asirans lòt bò dlo poun site sa yo sèlman.

Prezidan repiblik la Jovenel Moise ki parèt gen volonte pou ta libere popilasyon an nan lanfè sou tè sa pwomèt li pral libere pèp la, li ofri yo sa ki pi enpòtan yo tankou: chanjman nan mòd vi yo, manje nan asyèt yo, bon jan swen, lekòl, kouran 24/24, dlo pou yo fè manje epi bwè elatrye. Gen yon pawòl ki di: » ou ka gen tout volonte pou travay men si ekip ou pa bon se kòve wap fè »! Eske jodi a prezidan an genyon ekip ki nan menm wout avèl? Konsta tout moun fè bagay yo vin pi di. Pi fò direktè jeneral, minis, se afè pa yo yap regle kote se pou bòs yo yo vin travay epi fe plezi, yo pap jere zafè peyi. Sitou nan zafè tretman moun yo pa peye anplwaye leta kap touche ti mil goud pandan yap debloke gwo lajan pou regle zafè yo, palman an bò kote pa l pa egziste paske minis ak direktè jeneral yo se pou yo yap travay donk prezidan ou mele!

Nan tout peyi serye boujwazi la pou bay leta bourad lè leta an bès men lakay pa nou an Ayiti se lekontrè. Boujwa pa bò isi wè sèlman nen yo, toupizi malere ,bare moun ki gen volonte. Yo reyaji sèlman lè enterè yo menase. Se yo ki gen franchiz, se yo ki gen kouran e pi fò nan yo pap peye taks olye yo ankouraje pwodiksyon nasyonal yo prefere al achte pwodui lakay etranje met nan makèt ak nan depo yo, epoutan lè boujwa yo nan konfli antre yo oubyen ak leta ki mande yo peye taks se popilasyon an yo mete nan lari pou boule peyi a, pou fè dezòd kraze brize , ala traka papa.. Opozisyon an menm ki toujou ap goumen ak pouvwa san ale nan eleksyon toujou ap tann lè sa pa bon pou yo parèt tèt yo pou mande tranzisyon  yon fason pou yo ka fè lajan san kontwòl. Opozisyon nan peyi Dayiti genyon sèl misyon manifeste tout la jounen pou prezidan ale men jamè panse retire pèp la nan lanfè sa.

Jou na libere Ayiti va bèl. Na sonje sa zansèt yo te mouri kite pou nou kom eritaj. Nou met tèt ansanm poun fè linyon kap fè fòs san fòs kote.
Mwen reve yon lòt Ayiti kote pigwo ap sispann mache sou pipiti, kote leta ap konn ,Wòl li tout bon,kote machann peyi ap sispann fè konple sou do pèp pou defann enterè pòch yo. Hummm! Ala ti pèp pagen chans…

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …