ESKE TRAVAY OU KA DESIDE PA PEYE’W PANDAN TOUT JOU PEYI A LÒK LA? / LALWA:

Depi plizyè jou gen gwo mouvman nan tout peyi a kote pep ap revandike kont pouvwa, blokaj toupatou , wout bloke, kawotchou ap boule , bal ap tire e pifò moun oblije rete kwense anndan lakay yo san yo pa soti.

Nan ka sa ou menm ki nan yon travay ou pa ka ale nan travay ou e anpil anplwayè tou pa ka louvri travay yo . Eske patwon an ka deside pa peye’ w pou jou sa yo?

Ann gade ansanm ki sa lalwa di:

Nan kòd travay peyi Dayiti gen sa yo rele sispansyon tanporè kontra travay. Sispansyon kontra travay la se yon sitiyasyon kote 2 kondisyon esansyèl kontra travay la ki se egzekisyon yon travay pa salarye a e peyman yon salè pa patwon an kanpe pou yon ti tan san ke se pa koupe kontra travay la koupe nèt pou sa.

Nan atik 32 kòd travay la gen 2 koz sispansyon tanporè travay san li pa antrene responsabilite pou yonn nan pati yo. Premye koz la se lè pa gen matyè premyè pou ka pousuiv travay yo e se pa anplwayè a ki lakoz, dezyèm koz la se sa yo rele ka de fòs majè oubyen ka fòtuit ki fè travay yo kanpe imedyatman et tanporèman .

Kisa ka fòs majè ak ka fòtuit ye?

An dwa fòs majè Se yon evenman ki rive zanzatann san ke se pa sa yon moun ta vle. Jiridikman fos majè a siseptib de degaje yon moun ou yon enstitisyon de responsabilite li oubyen li delye de angajman kontraktyel li yo. Li pa twò diferan de sa yo rele ka fòtuit ki se se yon fòs majè moun pa ka prevwa e a li menm moun pa ka reziste ( fortuitos casus nullum humanum consilium praevidere potest).

Si nap pran ka nou gen la jounen jodia ke nou ka konsidere kòm yon ka fòs majè , anplwayè a ou anplwaye a kapab sispann kontra travay la men Se pa konsa konsa . Pati ki deside sispann kontra a pou yon ti tan pwal avize imedyatman direksyon travay , si gen kontestasyon lap soumet ka bay tribinal travay.

Fok mwen di nou gen kèk sispansyon travay fòk yo peye salarye a , tankou konje maladi, matènite elatriye , men si se katastwòf , ka fos majè ki pa depann de ni yonn ni lòt patron an ka pa peye salarye a.( Men nan tout peyi serye gen sa yo rele sekrite sosyal ki jwe wòl li nan ka sa yo men nan Peyi pa nou genyen ONA , OFATMA , CAS ki gen misyon espesyal yo , e m panse ta dwe gen gwo pase men ki fèt nan kesyon sekirite sosyal peyi a pou asire tout bon sekirite sosyal moun isit, nap pale sou sa yon lòt lè).

Aprè sispansyon sa lè travay la rekomanse, salarye a dwe jwenn menm djob li te kite pou yon ti tan an si pa genyen’ l fok li jwenn yonn menm jan an e fòk li jwenn menm kantite salè li te konn touche oubyen pi plis.

Diran sispansyon kontra travay sa obligasyon kontraktyel yo sispann , salarye a pa travay e anplwayè a pa vèse sale tou. Sepandan , pandan sispansyon an salarye a gen yon obligasyon lwayote anvè anplwayè li , sa vle di anplwaye a dwe respekte ansanm prensip pou gen diskresyon , obligasyon non konkirans elatriye.

Sam vle nou kenbe , wi ni anplwayè a , ni anplwaye a ka kanpe kontra travay la pou yon ti tan pou 2 rezon lè pa gen matyè premye ak lè se fòs majè, men nan ka sa ki se fòs majè anplwayè a gen dwa pa peye’w pandan ke l’ap respekte tout sa lalwa di.

Me Pelex Flereme ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.
A. Einstein.
✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la
https://www.facebook.com/fleremelaw/
Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …