AYITI/BARIKAD: BARIKAD YON PRETÈKS POU FÈ LAJAN SOU DO POPILASYON AN.

Depi plis pase uit (8) semèn peyi a ap konnen yon fenomèn moute barikad nan divès ti kwen nan kad yon soulèvman kont  prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

Yon mouvman ki jwenn sipò anpil moun nan popilasyon an men genyon gwoup pwofitè tou ki pwofite mouvman sa pou fè lajan e regle aktivite ki pa ale nan sans popilasyon an. Biznis moute barikad sa gen medya li patwone nan kèk emisyon ou tande militan an oubyen jounalis ap mande moute barikad yo pi wo.

Si moute barikad la se pou chanje lavi popilasyon an pou fè li jwenn meyè kondisyon poul viv, poul jwenn swen sante lopital, lekòl pou pitit yo, sekirite pou vakye ak aktivite yo san tèt chaje, manje nan asyèt yo pou sispann pran imilyasyon nan peyi etranje nan al chache lavi miyò pou nou site sa yo.

Poukisa se yo menm ankò ki viktim dèyè barikad la anba yon ekip blofè dechèpiyè sanzave sansi malpouwont vòlè asasen ki pran plezi mete barikad pou fè lajan kote yap fouye moun, fè chofè moto machin peye pou yo kapab pase pandan setan lè gwo zotobre yo ap vini se ouvri ba yo san pwoblèm epi ba yo respè lè pitit pèp la ki nan lapolis ki la pou pwoteje ak sèvi yo ap rive se wòch boutèy katouch yo mete sou yo de menm ti malere ki nan yon vye djòb pral chache lavi pou yo pa revokel, ti machann ki pral chache lavi pou bay fanmi yo manje e menm bay moun kap bloke lari a sèvis ankò paske lè yo fin fè kòb la fòk yo jwenn machann pou achte avèl.

Yon machin machandiz madan sara ki pote chabon zorany ak kèk sak diri peyi kap sot Gonayiv peye pou pitit 24 barikad pou rive nan vil la, san konte yo pran nan machandiz yo. Poutan menm moun sa yo kanpe devan yon seri antrepriz gwo zotobre tankou ponp gaz, makèt, gwo depo kap vann byen chè kap toupizi pèp yo di yap defann nan yap ba yo sekirite pou yo pa gen anyen, nan ka sa:

Sanble pèp la se moun kap byen woule yo kap fè milyon yo ki pa gen yon grenn pitit yo isi kap touche konbyen milyon pa mwa sou do malere, ki gen tout gwo aksè yo, ki ka prete gwo sòm lajan nan tout kote ki gen kòb nan peyi a, ki gen franchiz yo.

Sanble se pèp la ki prezidan Jovenel Moïse la, ki senatè poupou yo, ki depite rachè e tiyè yo, ki majistra sangwen yo, ki jij kap vann jistis yo, ki minis yo,  ki direktè jeneral yo, ki delege vil yo poun site sa yo.

Paske moun sa yo pase san difikilte nan nenpòt otè barikad la ye e poutan ti machann chabon, ti machann bonbon, ti ouvriye faktori yo, ti chofè tap tap yo, malere kap pote yo, chany yo, machann pate yo, moun ki malad yo, mache kwabosal, mache ridèseza, mache kabarè, mache Akayè, mache Gonayiv pou site sa yo pitit yo paka ale lekòl yo pa ka pran lari akoz barikad ki moute 17 otè.

Nan enterè kiyès barikad sa yo ye souple edem konprann lèw bloke yon enpas kiyès ou bloke? Lèw bloke lekòl kiyès ou bloke? Lèw bloke lopital kiyès ou bloke? Lèw bloke legliz kiyès ou bloke? Lèw bloke biwo leta tankou DGI kiyès ou bloke? Lèw bloke epi boule tribinal komisarya meri kiyès ou bloke?

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …