1990-2004 : Yon plonje nan listwa koudeta an Ayiti

Nan yon sans elemantè, koudeta a se yon fason yon ponyen moun mete ansanm ak detwa manm enfliyan nan yon lame osnon yon fòs rebèl pou yo pran pouvwa; mete lapat sou aparèy Leta a. Li se yon fason « brital_ vyolan yon gwoup moun pran pouvwa. Sa vle di, pa gen koudeta san zam; san fòs rebèl.

Koudeta fèt nan anpil peyi nan monn lan, Ayiti se youn nan yo. Nan peyi Dayiti, sitou nan deseni 90 yo, se te youn nan fason moun te pran pouvwa pi fasil. Nan sans , depi moun ki vle mete men sou Leta a li gen bò kote l lame a osnon yon fòs rebèl, li te kapab fè koudeta.

Listwa politik peyi Dayiti, nan lane 1990 pou bout nan lane 2004, make anpil avèk koze koudeta a. Eleksyon 90-91 yo mete Jean Bertrand Aristide nan tèt peyi pou senk (5) lane ki ta pral vini yo. Li potko menm gen yon lane depi l te prezidan, yo ta pral ba li yon koudeta sou pouvwa a nan dat ki te 28 septanm 1991. Nan epòk sa, se te jeneral lame a, Raoul Cedras; chèf « état-major » a ki se te Philippe Biamby ak sipò chèf polis nan epòk la, Michel François ki te nan tèt koze koudeta sila a, sa vle di se yo ki te òganize li. Prezidan Aristide te sove poul li ale viv lwen peyi a.

Nan menm peryòd sa a, anpil lòt koudeta fèt. Yo tout, yo toujou gen yon makfabrik ki se zam. Yo toujou fèt ak zam. Nan lane 2000, Jean Bertrand Aristide prezidan Ayiti pou yon lòt fwa ankò. Eleksyon ki te mete l nan tèt peyi a ta pral nannan tout katchwouboumbe li ta pral tonbe yo; se pa te tout moun ki te bay dizon yo sou rezilta yo. Gen anpil sektè nan lavi nasyonal la ki pa te wè ak bon lèy rezilta eleksyon sa yo. Pou gwoup moun sa yo, se vòlè yo te vòlè eleksyon nan men yo. Sa ki te lakoz, depi anvan Aristide te prete sèman, peyi a te gentan t ap benyen nan yon kriz politik. Sa pa te ba l twòp kè kase pase sa. Li te kwè nan patizan l li yo. Li se te lavalas la, daprè sa l te konn di nan epòk la. Lè l gen 2 lane sou pouvwa a, an fevriye 2004, li pral kite peyi a; li te demisyone aprè anpil manifestasyon. Alòske, li te konn di li p ap demisyone. Nan sans sa , anpil aktè politik, manm sosyete sivil ak kèk jounalis toujou kwè se te yon koudeta yo te bay lidè karismatik la, jan yo te rele l la.

Depi lè a, pou jouk jounen jodi a, koudeta pa fèt nan peyi Dayiti ankò. Sa ka rive , gen kèk gwo zotobre, gwo chabrak ki tante fè yon « show » medyatik pou di yo manke pran koudeta, men sou zak sila yo, verite poko osnon p ap janm blayi. Donk peyi a ,sitou avèk rejim politik demokratik la, vire do bay epòk koudeta a .

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …