LÈ OU ALE A LA RETRÈT MEN KIJAN PANSYON KALKILE NI POU ANPLWAYE LETA NI ANPLWAYE PRIVE:

🧰🧰🧰ANPLWAYE LETA

Nan peyi Dayiti pou yon anplwaye leta ka gen pansyon fòk li genyen laj 58 lane pou pi piti e fok li founi leta pou pi piti 5 lane travay. Pi ba nan teks sa nou pwal wè koman pansyon an kalkile men pou pòs gwo zotobre yo gen yon montan ki deja detèmine.

Ann gade ansanm

Apre manda yon prezidan fini lap gen pou touche jiskaske li mouri yon salè 250 000 goud chak mwa,

Yon ansyen premye minis tankou kplim, Ceant gen yon pansyon 150 000 goud chak mwa.

Yon senatè ki gen 58 ane men ki pa ka jistifye ke li gen 60 mwa travay nan administrasyon piblik la ap gen kòm pansyon yon montan de 15000 goud pou chak manda li pran. Sil fe 3 manda lap gen chak mwa 45000 goud.

Yon depite ki gen 58 ane ki pa pase 60 mwa travay nan administrasyon piblik la ap genyen 12000 goud chak mwa pa manda.

Tout pwofesè lekol enspektè aktif ou non tout souzenspektè aktif ou non ki nan anseyman fondamantal ki gen 50 lane e ki ka pwouve yo gen 25 lane sevis elijib pou gen yon pansyon chak mwa ki egal a entegralite de pi gwo salè li te genyen selman li pap depase 20000 goud chak mwa. Se menm bagay la pou enfimyè ak oksilyè.

Tou polisye ki gen laj 50 lane pou pi piti e ki ap kotize nan plan retrèt la pandan 25 lane ap gen yon pansyon ki ap kalkile konsa: 2.5%x kantite tan sevis li fè miltipliye pa mwayèn pondere de 60 pi gwo salè li tap touche pa mwa.

Si pa egazanp ou bezwen pansyon ou anvan lè, sa vle di ou ap kite travay anvan lè. Pansyonw ap kalkile konsa:[ 2.5% x kantite tan sevis ou te bay x mwayèn pondere de 60 pi gwo salè mansyel] – 1% pa ane antisipasyon (mksimom 3%).

Nan ka kote ou kanpe travay pou leta pou nenpot rezon an e w gen 58 lane pandan ke ou pa bay 60 mwa sevis ou elijib pou yo remèt ou tout lajanw te konn kotize a depi lew tap travay.

Depi yon pansyonè mouri 50 %lajan pansyon li te gen chak mwa a pwal jwenn madanm ou mari ki pa remarye, timoun ki minè, yon pitit ki majè jiska 25 lane ap ladanl tou sil soumet yon atestasyon eskolè de yon enstitisyon rekoni.

Pa bliye kalkil sa yo se pou anplwaye leta, anplwaye prive se ONA ki jere sa .

🧰🧰ANPLWAYE KAP TRAVAY NAN ENSTITISYON PRIVE:

ONA ki se ( Office National d’Assurance-viellesse) se yon divizyon teknik ak administrativ ki genyen yon pèsonalite sivil pwòp, ONA gen pou misyon prensipal asire tout anplwaye kap travay nan enstitisyon privé yo tankou komès, endistri , agrikol elatriye ki gen laj ak kantite lane sèvis yo dwe bay.ONA gen misyon tou asire moun ki tap travay ki vin gen Yon andikap ki fè yo pa ka travay ankò.

Premye lwa sou kesyon asirans sosyal nan peyi Dayiti se te lwa 10 oktob 1949 se a pati lwa sa yo te kreye IDASH ( institut des assurances sociales d’Haïti) lwa sa te abwoje dekrè lwa 17 me 1943 ki te kreye yon kès asirans sosyal.

Nan dat 12 oktob 1951 te gen yon lwa ki te vin modifye lwa 1949 la, te vin gen plizyè lòt modifikasyon ki te fèt tankou modifikasyon 14 jiye 1955 ak anpil lot amandman ( 1957, 1961)

Nan dat 08 novanm 1965 te gen yon dekrè ki te vin rann kesyon asirans vieyès la obligatwa e Li te kreye yo nouvo organis pou jere ONA ki fonksyone anba lotorite depatman travay ministè afè sosyal.

Lwa ONA ap fonksyone sou li konnya se lwa 28 dawout 1967.Nan Atik 183 lwa sa leta rekonèt e garanti ke tout moun ki asire gen dwa a pansyon . Kondisyon an fok ou gen 55 lane sou tèt ou e fok ou peye kotizasyon an pandan 20 lane.

Pansyon ou nan ONA ap kalkile sou Yon baz 1/3 salè mwayen ou te konn touche pandan 10 dènye ane anvan ou mande pansyon an chak mwa.

ONA ap bay menm pansyon sa tou a tout moun ki ap travay ki kotize pandan 15 lane e ki vin genyen Yon andikap ki fè yo pa ka travay ankò.

M panse anpil nan nou ap mande si anplwaye ki asire a vin mouri anvan li gen pansyon li sa kap fèt?

E byen depi anplwaye a mouri e li te bay kotizasyon Li pandan Yon peryòd ki pi piti pase 10 zan , fanmiy li ka fè reklamasyon pou ONA remet tout lajan defen an te gentan kotize. E ONA pa gen dwa depase 12 mwa pou Li bay kob sa.

Gen sa yo rele nan Lang fransè  » réversibilité de la pension » sa vle di si Yon moun ki gen pansyon vin mouri kijan eritye li yo pwal jwenn pansyon sa .

Si moun ki gen pansyon tap touche kòm pansyon 5000 goud chak mwa si li vin mouri se 2500 goud pansyon an vin ye , sa vle di pansyon an « réversible à moitié ».

men nan ki òd lap ye :

Pitit pansyone ki mouri a ki gen pi piti pase 18 lane sil te sou responsabilité pansyone a oubyen si li nan inivesite deta Dayiti menm lel majè lap jwi pansyon sa jiskaske li fini lekol la.

Madanm pansyonè à ki pa remarye oubyen fanm pansyonè à te plase ak li pandan 5 denye ane anvan li mouri si yo pa pa kapab travay pansyon an ap revesib sou yo. Depi fanm sa remarye oubyen Li plase ak Yon neg piblikman pansyon sa ap koupe. Mari Yon fanm ki te pansyone ki mouri ki gen pwoblem ki pa ka travay tou ka gen pansyon sa si Li pwouve anvan madanm Li mouri à Li te reponsab Li.

kijan kotizasyon an fèt?

Depi wap travay nan etablisman komèsyal, endistriyèl, agrikol elatriye , ou ap gade nan salè ou wap wè depi ou gen plis pase 1000 goud chak mwa yo retire 6% nan salè ou plis enstitisyon ki baw travay la peye ONA 6% pou ou tou ki vin fè 12% montan Salè ou chak mwa .

Se kotizasyon sa ki pèmèt ou pwal gen pansyon ou.

Map tounen sou sijè ONA pi devan pou mwen pale nou de prè yo ak lòt avantaj nou dwe konnen.

Me Pelex Flereme ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Si’w apresye travay sa klike sou link sa pi ba pou like paj Maitre Pelex la : https://www.facebook.com/fleremelaw/ . Pou plis detay ou ka teks nou sou whatsapp 3701 1865.

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖

Kredi foto: Capital.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …