LEGLIZ KATOLIK AP FÈ FÈMEN PÒT LEKÒL LI YO POU KONTINYE MANDE LIBERASYON MANM LEGLIZ BAZ 400 MAWOZO TE KIDNAPE YO .

Konferans espikopal Ayiti  (CEH), di yo choke anpil aprè 10 jou depi nèg ak zam ki fè pati gwoup gang te kidnape 10 relijye pagen anyen ki janm di .
Nan yon nòt tèt ansanm konferans lan mete deyò fè konnen se kè yo k ap rache kote plizyè manm legliz katolik gen di (10) jou nan men kidnapè yo .

Konferans episkopal Ayiti (CEH) ak konferans ayisyen relijye yo ( CHR), anonse yo deside fèmen pòt lekòl katolik yo sòti mèkredi 21 pou rive vandredi 23 Avril 2021 an.

Konferans episkopal la ki presize nan nòt la 21 ak 22 Avril la pè legliz yo dwe kontinye selebre lamès nan tout legliz yo pou mande liberasyon manm legliz katolik yo ak konvèsyon pou kidnapè yo epi nan jounen 23 Avril la klòch legliz yo ap sonnen epi li kèk sòm, toujou daprè nòt (CEH) la .

N ap raple, nan dat kite 15 Avril la legliz katolik te òganize yon premye mouvman pou te mande liberasyon relijye yo ki nan men manm gang 400 mawozo yo, nan komin kawadèboukè.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …