*SA NOU DWE KONNEN SOU PWOJÈ « SUPER LEAGUE » LA.*

Florentino Perez, prezidan Réal Madrid la, ofisyalize jounen 19 avril 2021 an nan maten pwojè sipè lig Ewopeyen . Kisa li ye ?

Pwojè sipè lig Ewopeyen an se yon konpetisyon 12 pami pi gwo club Ewopeyen yo, nan sans club ki chanpyon plis fwa nan « Ligue des champions », mete tèt yo ansanm pou yo fè sa.Yo rele tèt yo « club fondatè ».

12 klèb Ewopeyen sa yo ki vle kreye yon lòt konpetisyon ki ap depaman ak « Ligue des champions l’UEFA » a se Real Madrid, Juventus, Ac Milan, Arsenal, Atletico, Chelsea, Barcelone, Inter, Manchester City, Manchester United ak Tottenham.

Youn nan majòjon pwojè sipè lig Ewopeyen an rele Florentino Perez, prezidan ekip Real Madrid la. Parapò ak ofisyalizasyon pwojè a, li pa t pran tan pou l te rayaji.

« club fondatè yo espere tanmen yon konvèsasyon ak l’UEFA, FIFA nan lide pou jwenn yon mèyè solisyon pou lig tounèf la ak pou foutbòl la nan sans jeneral », se sa Florentino Perez fè konnen.

« Nou pral ede football  la nan tout nivo posib pou li ka jwenn plas li merite, football la se sèl espò mondyal ki gen 4 milya fanatik donk nou menm ki se gwo club nou gen responsabilite pou nou satisfè atant fanatik yo », se sa li ajoute.

Annatandan fanatik football yo wè sou kisa tounwa ak 12 ekip sa ap debouche, gon pakèt gwo zotobre nan UEFA ak FIFA oubyen ki nan lòt chanpyona, ki gentan tire pye, nan sans yo kont lide a e l’UEFA menm anvizaje pou ta sanksyone tout club  ak tout jwè k ap gen pou patisipe nan pwojè a.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto :wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …