JOE BIDEN VINI PREMYE PREZIDAN AMERIKEN KI REKONÈT JENOSID AMENYAN AN.*

Joe Biden vini premye prezidan ameriken ki rekonèt jenosid Amenyan an jounen samdi 24 avril la nan non peyi Etazini._

« Ameriken yo onore tout Amenyen ki pèdi lavi yo nan Jenosid ki te kòmanse kote sa gen 106 lane jounen jodi a », daprè sa Joe Biden ekri nan yon kominike.

Prezidan ameriken an, Joe Biden kontinye pou li fè konnen li afime listwa.  » Nou pa fè sa pou nou fè okenn moun mal, men nou fè sa pou asire nou pou sa pa janm repete ankò », daprè sa l ajoute.

Yon lòt kote, touswit aprè kominike a fin soti, plim leve sou do peyi  » Turquie » atravè minis zafè etranje li ki rele Mevlut Cavusoglu ki fè konnen yo pa gen lòd pou yo pran nan men okenn moun.

N ap raple, anpi Otoman te masakre yon pakèt Amenyan an nan lane 1915. Sepandan, gen anpil istoryen, avan Joe Biden te pran pozisyon sou sa, ki te rezime sa ki te pase nan peyi Ameni an nan lane 1915 la tankou yon senp masak.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …