DETANSYON PREVANTIV PWOLONJE, KOLEKTIF DEFANSÈ PLIS MANDE POU PLIS SEYANS FÈT AVÈK OU SAN ASISTANS JIRI NAN TRIBINAL YO.*

Nan yon nòt pou laprès kolektif defansè plis fè soti jounen Jedi 6 Me 2021 an, yo ankouraje otorite lajistis yo pou pran tout mezi apwopriye pou gen plis seyans asiz kriminèl ki fèt nan tribinal yo avèk osnon san asistans jiri nan sousi pou konbat detansyon prevantiv pwolonje k ap fè raj nan prizon yo._

« Òganis pwomosyon kap defann dwa moun, defansè plis, ankouraje dwayen yo ak komisè gouvènman yo pou pran bon jan mezi pou seyans asiz kriminèl yo fèt avèk osnon san asistans jiri, nan yon tan ki pa twò long nan sousi pou konbat detansyon prevantiv pwolonje a an Ayiti », daprè sa ki li nan nòt la.

« Grèv ki te genyen nan aparèy jistis la dènye mwa sa yo, mete plis abse sou klou pou sa ki gen pou wè ak sityasyon anpil prizonye ki nan sant kaseral yo san yo poko janm konnen kilè yo ap gen pou pase devan jij natirèl yo », selon menm sous lan.

Defansè plis raple pwoblèm detansyon prevantiv pwolonje ki gen an Ayiti a grav anpil e sa lakoz dwa moun ap vyole sistematikman nan peyi a.

« Dènye rapò BINUH te fè an Ayiti sou kesyon detansyon prevantiv pwolonje a, yo te souliye nan entèval mwa Jwen 2020 pou bout nan mwa Mas 2021 an detansyon prevantiv pwolonje a ogmante rive nan 9%. Sa vle di, endikatè a te 76% li pase a 85% ».

Malerezman  gen yon pakèt sitwayen ki viktim arestasyon ilegal anba men lapolis ki nan komisarya yo epi ki pa janm parèt devan jij natirèl yo.

« Lajistis dwe pou tout moun. Se yon dwa anpil konvansyon entènasyonal ak konstitisyon 1987 la nan atik 24 ak 27.1 garanti », raple kolektif defansè plis.

Pou fini, òganis pwomosyon ak defann dwa moun mande pouvwa egzektif la pou fè tout sa ki posib pou rezoud kontansye yo nan lide pou pa gen grèv ki fèt ankò nan sistèm jistis la.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto :le courrier de la nation

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …