VOTER AUTREMENT EN HAÏTI : LE VOTE ELECTRONIQUE AU CŒUR DE LA RÉFORME ÉLECTORALE » ,YON LIV KI FAVORAB AK LIDE POU MODÈNIZE SYSTÈM ELEKTORAL AYISYEN AN SELON RICARDO AUGUSTE

« Voter autrement en Haïti: le vote électronique au cœur de la réforme électorale », yon liv ki favorab ak lide pou modènize sistèm elektoral ayisyen an, doktè Ricardo Auguste prezante ofisyèlman, jounen jedi 27 me a. Nan liv sa, doktè Auguste pa kont lide pou ta gen vòt elektwonik nan eleksyon nan peyi Dayiti._

« Depi aprè adopsyon konstitisyon 1987 la, nou te panse demokrasi a ta pral fleri nan peyi a, men poutan se chak tan nou nan kriz. Nou toujou nan yon peryòd kriz an Ayiti. Chak eleksyon ki fin fèt nan peyi a, li toujou trennen dèyè li mouvman pwotestasyon. Nou pase anviwon 35 lane deblozay ak briganday politik kote se eleksyon konteste ki toujou lakoz tout pwoblèm sa yo, », Pawòl doktè Auguste Ricardo.

Parapò ak tout pwoblèm koze eleksyon an, jan sistèm elektoral la ye a charye deyè li se youn nan rezon  Ricardo Auguste chwazi pwodui yon travay »akademik » ki bay yon pakèt pis ki kapab pèmèt sistèm elektoral ayisyen an modènize, sitou avèk kesyon vòt elektwonik la.

 » Apre eksperyans mwen  fè nan pòs konseye elektoral, mwen rive konprann Ayiti bezwen mete li an dyapazon ak teknoloji a. Li lè pou nou modènize sistèm elektoral nou a pou rezilta eleksyon yo ka enspire konfyans ; pou yo ka fyab ; pou rezilta eleksyon ka bay touswuit kou eleksyon fin fèt, deklarasyon mesye Auguste.

Pou eleksyon yo rive enspire konfyans, e pou rizilta bay nan yon tan ki pa twò long, gen yon sèl sistèm elektoral k ap pèmèt sa fèt.  » Mwen  eksperimante yon pakèt sitèm elektoral, m rive konprann, menm jan yon pakèt lòt peyi vwazen, nan Amerik la fè li poukisa Ayiti pa ka antre nan kesyon vòt elektwonik la ? », Kesyone Ricardo Auguste.

Daprè Ricardo Auguste, vòt elektwonik la ap ede peyi a rezoud yon pakèt pwoblèm li konn fè fas chak lè gen eleksyon.

Tèks ki gen pou tit « voter autrement en Haïti : le vote électronique au cœur de la réforme électorale », se yon tèks rechèch, yon « travay akademik », daprè ansyen konseye elektoral la ki fè yon ansanm pwopozisyon elektoral.

Tèks la disponib pou etidyan, pwofesè ak moun ki nan tèt peyi a pou lè yo vle chanje sistèm elektoral ayisyen an pou kapab jwenn yon pakèt pis pou yo ekspwlore.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:dreamstime

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …