KIDNAPIN TOUPATOU NAN PÒTOPRENS, LAPERÈZ AK KÈ SOTE ANVAYI POPILASYON AN

Chak jou ki pase an Ayiti, li difisil pou pa gen pou piti 3 ka kidnapin ki deklare ladann. Se ak sa jounen ayisyen an rezime. Detanzantan yon moun kidnape e sa rive gen nan yo ki tou disparèt, sitou lè fanmi yo pa gen gwo sòm lajan ravisè yo mande a. Se reyalite peyi Dayiti, patiklyèman Pòtoprens. Fenomèm sa ki ap layite tribòpabò a simen laperèz toupatou nan rejyon metwopolitèn nan.

Tout moun pè. Tout moun pè soti pou yo pa kidnape yo. Chwazi pran lari nan jan Pòtoprens ye a se gwo risk kote pa gen garanti w ap rantre. Se ka tout moun. Nan soti a tout bagay ka rive : kidnapin, fè vwèl pou peyi san chapo e moun ak zam ka pran tout sa ki sou ou. Yon maswife, se sa pèp ayisyen an ap moute pa do 10 dènye lane sa yo.

Anba zak kidnaping, pèsòn pa alabri. Nèg ak zam, si yo vle, ka kidnape yon moun menm anfas yon bakòp Lapolis. E sa repete deja sou Gran Ri a. Nan sans sa, li klè kou dlo kòk, popilasyon an, fas ak kidnapin e ensekirite a lage pou kò li alòske gen yon pakèt swadizan otorite ki ap manje lajan taks li an retou pou yo ba l sekirite.

Anba bab Lapolis ak Lajistis, chif yo bay nan jounen vandredi 24 sektanm 2021 an, gen pou piti sèt (7) kidnapin ki fèt, deklare nan medya. Tandiske, pyès otorite pa di yon mo. Ni chèf CSPN, ni chèf Lapolis. Tout moun kwaze bwa yo ap gade. Pandan tan sa, laperèz anvayi tout moun e pèsòn pa konnen si demen p ap pi tris.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …