AYITI/KRIZ: NÈG ARAB LA REPONN BABEKYOU E FÈ GWO ANONS POU JOUNEN 17 OKTÒB 2024 LA.

Nan yon ti bat bouch ak laprès jounen lendi 14 oktòb 2024 la, Marcelin Myrthil ke tout moun konnen sou non « Nèg Arab la » reponn chèf « Viv Ansanm nan » Jimmy cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou ki te mande popilasyon an pou kanpe sou « mouvman bwa kale a »

« Nèg Arab la » fè Babekyou konnen pou yo kanpe mouvman « Bwa kale a » fòk li anbwase batay pèp la, pou li ede yo chavire manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » ak tout premye minis defakto a, Garry Conille jan yo te batay e mete mouche Ariel Henry deyò nan peyi a pandan, li raple pou pòt pawòl an menm tan chèf « Viv ansanm » nan gen anpil moun ki al pran imilyasyon nan repiblik dominiken se bandi yo ki lakoz.

« Nèg Arab la » anonse apati de 17 otòb 2024 ki ap vini la tout zàm legal nan peyi a pou dechouke manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la », gouvènman defakto ak tout dominiken ki nan peyi a, li pwofite voye yon piga bay polisye ki pral bay gaz nan manifestasyon an, li fè konnen tout polisye ki ba yo gaz yo ap konsidere yo kòm dominiken.

Pilwen li mande mesye bandi yo pou libere popilasyon an pou yo ka pran lari a 17 oktòb pou derasinen sistèm nan e rezoud yon fwa pou tout kriz la nan peyi a, li mande pou fèmen tout fwontyè ki genyen ant Ayiti ak repiblik dominikèn ak tout konsil yo nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …