AYITI/ONA/KRIZ: GWO MENAS LANMÒ SOU TÈT PLIZYÈ ANPLWAYE ONA.

Depi plizyè semèn anplwaye ONA yo ki nan 14 biwo pwovens yo deklanche yon mouvman kont direktris jeneral la, madam Marguerite Berthe Marescot pou move jesyon li nan bwat la depi lè li pran tèt enstitisyon sila, yon mouvman ke tout anplwaye yo nan kapital la tankou Anèks « Petion ville », Kafou, Dèlmas 17 pou site sa yo anbwase.

Mouvman sila jwenn sipò anpil gwoup òganize ki nan enstitisyon an tankou « katèl Solisyon », « katèl Limyè » Ger-Ona, VTO ak plizyè lòt kote anplwaye yo ap mande meyè kondisyon travay, 25 mil goud sou ti kat debi yo chak mwa, ogmantasyon salè yo, prè yo fè depi 14 mwa yo pa ka jwenn ak yon pitit Ona ki pou vin dirije enstitisyon an.

Yon nouvèl selon anplwaye yo ki pa ta sonnen byen nan zòrèy madanm nan, li ta itilize yon sèten Betty pou kraze mouvman anplwaye yo nan kapital la e, Betty sa menase prezidan « Katèl Limyè » a, ki se Adler Adrien pou li ta fè mesye « Viv Ansanm » yo ba li yon rete trankil ak tout moun ki ap mande pou manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » ak premye minis defakto a, Garry Conille pou revoke direktris la, yon atak ke anplwaye yo pran trè o serye, nan yon nòt katèl sila mete deyò yo fè konnen vi prezidan a yo an sou kont direktris jeneral la madan Marguerite Berthe Marescot ak Betty.

Yon lòt bò pansyone yo ki pa ka jwenn sèvis depi lè madanm nan nan tèt enstitisyon an selon sa yo fè konnen mande revokalisyon prese prese madanm nan, yo fè konnen bandi pran kay yo, yo ap dòmi nan lari, yo pa ka voye pitit yo lekòl, yo malad yo pa ka ale lopital e madanm nan mete yon gonm nan zòrèy li pou li pa tande kri yo.

Pi lwen, anplwaye yo di yo pa voye pèsòn moun ni okenn gwoup al negosye pou yo, ni al chita ak madanm nan. Wislène Cherestal ki angaje li nan gwo batay sila malgre gwo menas di li pap abandone se pou anplwaye Ona yo, pansyone yo, asire yo jwenn sa yo merite.

Nou ap fè ou konnen Wislène Cherestal se grenn anplwaye fanm ki pran tèt batay sila nan kapital la pou defann anplwaye yo, asire yo, ak pansyone yo ki te deside kanpe pale ak laprès e di nou kijan de pwoblèm yo ap konfwonte ak direktris jeneral la ki, selon anplwaye yo pa regle anyen serye nan enstitisyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …