Ayiti/Disparisyon: Detay sou disparisyon anplwaye Ona a, Fabrice Cadet.

Jan enfo a ap kouri sou tout rezo yo, anplwaye Ona, Fabrice Cadet kite lakay li Karade depi samdi 15 fevriye 2025 lan nan lè 4:00 apre midi, depi lè sa li pa janm rantre.

Apre 3 jou rechèch fanmi an ak kèk pwòch li, yo retwouve machin li nan komisarya Pòtoprens (Ponpye), selon sa lapolis la bay kòm detay mesye lame yo te remoke machin nan zòn Ri Magazen Leta anba lavil nan lannwit samdi pou rive dimanch 16 fevriye 2025 lan akoz yo te wè li sispèk, yo pat wè moun nan machin nan e li pa gen okenn enpak bal men nan kousen bò dwat la gen anpil san ak nan vit la, yon pati devan machin nan kraze sitou nan bò dwat la. Pou enfo ki ap kouri pou di yo te rele fanmi li vin pran kadav lan se pa vre, ni fanmi an pa jwenn kadav li nan okenn mòg yo pase, ni lopital.

Nou ap fè ou konnen Fabrice Cadet se yon jèn ki ap bay sèvis li nan Ona depi nan lane 2015, li ap travay nan sèvis kontabilite enstitisyon an. Dènye kote kèk pwòch li te wè li se anndan Dèlma 31 nan jou samdi ki te 15 fevriye 2025 lan.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/Migran: Plis pase 400 mil migran ladan yo 17 mil ayisyen livre tèt yo nan yon « Jungle » pou ane 2024 la.

Yon biwo ki ap defann dwa moun nan peyi Panama mete deyò nan dat 7 …