Atik 6 konstitisyon 1987 la di « Lajan ki dwe sèvi nan lakou peyi Dayiti se goud e goud la divize an santim » yon atik ke moun ki gen kay pou anfème oubyen pou vann yo vyole e pase anba pye. Pou rive anfème yon ti chanm oubyen achte yon kay nan lakou peyi Dayiti ou dwe gen dola vèt e anpil dola.
Malgre sityasyon konplike popilasyon an ap viv nan jou sa yo, soti nan kay sa ale nan kay sa akoz mesye ak zàm yo ki ap anvayi zòn chak jou Bondye mete yo, moun ki gen kay pou anfème yo ap mande 2 mil jiska 10 mil dola vèt pou yon ti chanm kay ki pa menm reponn ak okenn nòm yo, e gen zòn ki pi chè toujou.
.
Moun ki la pou ta fè respekte lalwa yo se yo menm menm ki gen kay pou anfème ak pou vann ki ap mande pil milyon vèt pou kay yo, jodi a menm responsab nan leta yo nan peye kay an dola pou mete ministè, direksyon, biwo, pafwa yo fè leta peye pwòp kay yo ankò, se yon biznis ki rantab sou do popilasyon an.
Aksyon sa mete ti malere malerèz yo ke bandi yo mete deyò lakay yo nan gwo kouri pou jwenn yon ti chanm kay, yo oblije al pase mizè nan kan ak kay kèk pwòch. Otorite defakto ki nan tèt peyi a yo pa fè anyen pou rezoud kriz sa, yo ap jwi de li nan fè gwo depans sou non popilasyon an.
Sityasyon sa lakoz bandi yo pran plis tèritwa byen fasil, se yo ak leta ki gen gwo lajan nan men yo, kote yon moun ki kouri kite kay li e pèdi tout sa li posede pral jwenn 3 mil dola vèt pou peye yon chanm kay?