Lapolis fè yon gwo kou nan komin Lyankou jounen jedi 4 septanm 2025 lan nan yon gwo lese frape ak bandi « Gran grif » yo.
Nan lese frape sa, selon medya lokal yo ta gen pou pi piti yon dizèn bandi tonbe ak plizyè lòt blese. Nan batay sa ke anpil moun bat gwo bwavo lakontantman pou lapolis kèk polisye soti blese e ap pran swen lopital.
Poko genyon bilan ofisyèl bò kote lapolis sou konbyen bandi ki tonbe ak konbyen zàm yo ta rekipere, selon enfo yo bal te kontinye ap chante tout lannwit jedi 4 septanm 2025 lan pou rive maten vandredi an.
Echojounal echojounal.net