Ayiti/Ensekirite: Danje pou Jacques Ader ki pa gen twò lontan tounen nan tèt DDA a.

Danje pou Jacques Ader nan tèt DDA apre lanmò ansyen lidè « Front Resitance »nan lane 2004 la, Wilford Ferdinand ke tout moun konnen sou non « Ti Will »

Selon enfo yo se ta lapolis ki ta touye Wilford Ferdinand pa erè, yon aksyon ki leve plim sou do patizan li yo ak plizyè moun nan vil Gonayiv ki deja ap mande jistis. Depi apre lanmò sila, pi fò kote nan Gonayiv espesyalman nan Raboto se manifestasyon, barikad, kout bal…

Patizan Ti will yo mande tout machann rete lakay yo, pou tout aktivite fèmen, yo fè apèl ak tout lòt militan ki te batay ak yo nan lane 2004 yo pou te mete ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide deyò nan peyi a yo pou rejwenn yo pou kapab jwenn jistis pou ansyen lidè a yo a Tiwil.

Yon sityasyon ki pral parèt konplike pou Jacques Ader ki sot pèdi komisarya Lyankou a ak yon bon pati nan komin sila, kisa ki pral pase nan jou yo? Nou poko konnen.

Nou ap fè ou konnen se sou gwo kontantman ak bwavo popilasyon Latibonit lan Jacques Ader te retounen nan tèt DDA kote, li te enstale 23 out 2025 ki sot pase a.

Dosye a swiv.

 

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager