Atmosfè a te cho nan kapital la jounen jedi 12 fevriye 2026 la pou akeyi jèn vanyan ki sot fè fyète nou nan peyi Gwatemala. Seleksyon nasyonal U-17 la retounen lakay apre yon pakou san fòt nan eliminatwa yo, kote yo rive rache kalifikasyon yo pou faz final la ki pral fèt nan peyi Katar nan mwa novanm ki ap vini an.
Se ak anpil chalè manm Komite Nòmalizasyon an, tankou Yvon Sévère ak Gally Amazan, ansanm ak Team Manager a, Peterson Iscente Desormeau, te resevwa jèn talan sa yo. Apre twa (3) patisipasyon deja nan kategori sa a (2007, 2019, ak 2025), nouvo jenerasyon sa a pa prale pou fè figirasyon. Misyon yo klè: Pote premye viktwa Ayiti nan yon Mondyal U-17.
Yon pakou san tach nan Gwatemala
Pou yo te rive jwenn tikè sa a, ti Grenadye yo te montre anpil karaktè nan tout match yo te jwe nan eliminatwa yo:
1- Ayiti – Grenad (5-1) : Yon antre an matiyè ki te bay ton an.
2- Ayiti – Antigua & Barbuda (4-0) : Yon demonstrasyon fòs ak teknik.
3- Ayiti – Gwatemala (2-1) : Yon match ki te gen anpil tansyon kote ti mesye yo te rive jere presyon piblik advèsè a pou yo fini an bèl.
Ak 3 viktwa sou 3 match, Ayiti fini nan tèt klasman an ak yon moral ki gonfle a blòk.
Konpetisyon an ap rèd: Peyi ki kalifye yo
Pou edisyon 2026 sa a nan peyi Katar, nivo a pral wo anpil ak 48 ekip ki ap soti nan tout kwen planèt la. Men kèk nan gwo tonton ki deja kalifye bò kote Ayiti:
CONCACAF: Ayiti, Etazini, Meksik, Kanada, Panama
EUROPE (UEFA): Almay, Frans, Espay, Angletè, Itali
AMERIK SID (CONMEBOL): Brezil, Ajantin, Kolonbi, Irigwe
AFRIK (CAF): Mawòk, Senegal, Nijerya, Mali
AZI (AFC): Katar (Peyi k ap resevwa), Japon, Kore di Sid
OSEYANI (OFC):Nouvèl Zelann
Kounye a, jwè yo pral pran yon ti repo byen merite ak fanmi yo anvan yo retounen nan travay di. Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF) pral pibliye yon kalandriye preparasyon ki gen plizyè etap, ak objektif pou jèn yo rive nan pi wo nivo yo anvan premye siflèt la nan mwa novanm nan Katar.
Echojounal echojounal.net