‎Ayiti/Gaz: Pati IDA mande gouvènman an pou li pa kase kòd rezistans pèp la

Nan yon nòt pou laprès ki soti anba tit « Nan mitan desizyon douloure ak san popilarite yo », pati politik Inisyativ pou Devlope Ayiti (IDA) reyaji sou desizyon gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pran pou li monte pri pwodwi petwolyè yo sou mache lokal la.

‎Pandan peyi a ap debat anba yon kriz sekirite san parèy, pati IDA di li pran nòt de desizyon sa a ki vin rann lavi a pi rèd pou fanmi ayisyen yo. Selon lidè pati a, sitiyasyon sa a fragilize plis pouvwa ekonomik malere yo ki deja nan twou.

‎Pou pati IDA, reyalite a tris anpil: jodi a, pri yon galon gaz depase lajan yon ouvriye oswa yon ti fonksyonè piblik touche pou yon jounen travay (salè minimòm). Pati a fè konnen ogmantasyon sa a gentan gen gwo konsekans sou pri transpò ak tout kalite manje nan mache yo, sa ki mete popilasyon an nan yon kwas mare.

‎Pati IDA pa jwe politik « dyatrib » oswa kritik san fondman. Yo rekonèt sitiyasyon jeopolitik mondyal la difisil e sa gen efè sou tout peyi sou fòm « vilaj global ». Sepandan, yo rale zòrèy otorite yo sou limit rezistans pèp ayisyen an.

‎« Li se devwa ekip ki an plas la pou yo byen analize kriz sa a pou yo ka tire leson politik ak ekonomik ki dwat, » nòt la presize, pandan li ap avèti sou nivo dezespwa ak mizè ki blayi nan peyi a.

‎Fas ak kriz sa a, pati a pa sèlman kritike, li pote kèk rekòmandasyon bay Premye Minis la ak tout gouvènman an:

Akonpayman Sosyal: Pati a mande pou gouvènman an travay sou yon bidjè rektifikatif ki gen ladan li bon jan mezi pou soulaje popilasyon an ki ap soufri a.

‎Sekirite ak Eleksyon: IDA kwè moman an rive pou otorite yo konsantre tout fòs yo sou batay kont ensekirite a epi prepare chemen pou yon retou nan lòd konstitisyonèl la ak bon jan eleksyon serye.

‎Lòt sous enèji: Leta dwe sispann depann sèlman sou gaz. IDA mande pou peyi a kòmanse fè eksperyans ak lòt kalite enèji ak teknoloji modèn pou rezoud pwoblèm sa a yon fwa pou tout.

‎Pati IDA fini nòt li nan mande gouvènman an pou li respekte lalwa ak konvansyon sou fason pri pwodwi petwolyè yo dwe varye sou mache a. Yo pwomèt yo ap toujou kanpe bò kote popilasyon an pou defann dwa yo epi chache byennèt pou chak grenn ayisyen.

About Angeline Michel

Check Also

Crise à Mouline : Un climat de terreur orchestré par « Paco », les habitants appellent au secours

La section communale de Mouline, située dans la commune de Beaumont, s’enfonce dans une crise …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager