Ayiti/Edikasyon: Kalandriye egzamen sou papye, lekòl fèmen sou teren an

Pandan gwo kriz sekirite a ap kontinye paralize peyi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) chwazi rale kò li pou li pibliye, dat samdi 16 me 2026 la, kalandriye ofisyèl egzamen leta yo pou ane akademik 2025-2026 la. Yon desizyon anpil moun nan sektè edikasyon an konsidere tankou yon fason pou gouvènman an kache reyalite a, aloske plizyè milye timoun pa menm ka mete pye nan lekòl depi plizyè mwa.

Daprè sa ministè a kominike, men dat yo kenbe pou gwo eprèv nasyonal yo :
9yèm ane fondamantal, Lekòl Nòmal Enstititè (ENI) ak Sant Edikasyon Fanmi (CEF) : lendi 29 jen pou rive vandredi 3 jiyè 2026.

Filyè teknik ak pwofesyonèl : Lendi 29 jen pou rive vandredi 3 jiyè 2026.
Bakaloreya (Segondè 4) : Lendi 13 pou rive jedi 16 jiyè 2026.

Bakaloreya pèmanan : Premye sesyon an ap fèt soti 15 pou rive 18 desanm 2026, epi dezyèm sesyon an ap fikse soti 13 pou rive 16 jiyè 2026.

Dèyè bèl chif ak dat sa yo, reyalite a sou teren an tris anpil. Nan zòn tankou Latibonit, lwa kriminèl yo ap taye banda epi anpeche lekòl fonksyone. Nan Kwadèboukè ak plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, klas yo transfòme an refij pou moun ki ap kouri pou vyolans, lè yo pa kareman fèmen anba presyon zam. Gouvènman an sanble fèmen je li sou sitiyasyon elèv sa yo ki pa benefisye okenn pwogram ratrapaj solid, epi ki pral konpoze nan menm egzamen ak timoun ki te gen chans swiv kou nòmalman.

« Kouman yo ka mande yon timoun ki pase ane a ap kouri anba bal, ki pa gen liv, ki pa wè pwofesè, pou li vin chita konpoze nan menm nivo ak lòt moun? Se yon enjistis total, » se sa kèk paran nan zòn Kwadèboukè eksprime ak kòlè.

Kòmsi kriz sekirite a pa te ase, sistèm nan ap rale souf anba yon gwo kriz sosyal. Nan plizyè lekòl piblik, pwofesè yo kwaze pye yo. Yo nan grèv pou reklame plizyè mwa ariyere salè leta dwe yo. Pandan anseyan yo ap mande sa ki merite pou yo ka viv tankou moun, otorite yo chwazi rete soud, men yo jwenn tan ak lajan pou planifye lojistik egzamen.

Afiche yon kalandriye egzamen nan mitan yon dezòd konsa parèt klèman tankou yon mank respè pou diyite pwofesè yo ak avni elèv yo.

Pou anpil obsèvatè, desizyon MENFP a se yon operasyon kominikasyon pou fè kwè « tou bagay ap mache byen » nan je kominote entènasyonal la. Lè gouvènman an ap prese pibliye dat egzamen san li pa rezoud pwoblèm sekirite a, san li pa peye pwofesè yo, epi san li pa bay elèv Latibonit ak Pòtoprens yo sekirite pou yo aprann, li montre aklè nivo mepri li genyen pou lekòl repiblik la.

Egzamen yo planifye sou papye, men sou teren an, se yon ane lekòl blanch ki ap prepare pou pi malere yo si anyen pa fèt pou chanje direksyon an.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Ayiti/Ensekirite : Pou pi piti 7 timoun mouri ak 176 lòt blese anba vyolans gang nan mwens ke 2 jou.

Vyolans gang ame yo ki ap ravaje zòn metwopolitèn Pòtoprens lan pran yon lòt nivo …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager