Nouvo dekrè elektoral ki te pibliye 2 jen 2026 pase a pote yon gwo chanjman nan fason pwosesis vòt ta dwe òganize nan peyi a. Dapre sa ki ekri nan altik 153, alinea 20 nan dekrè sa, tout moun Lèzetazini ak Kanada sanksyone pap ka patisipe nan pwochen eleksyon yo.
Mezi sa a pa di dirèkteman moun ki sanksyone yo pa gen dwa kandida, men li sèvi ak yon estrateji bankè pou bloke yo. Depi yon moun vle poze kandida, li obligatwa pou li bay yon sètifika Bank Repiblik Dayiti (BRH) bay. Dokiman sa a dwe sètifye kandida a pa gen pwoblèm ak bank, li pa fè fayit, li pa gen enteridiksyon chekyè, epi li pa nan move dèt.
Nan reyalite a, depi yon moun sou lis sanksyon peyi etranje, sistèm bankè a nan peyi a otomatikman fèmen pòt sou li pou evite pwoblèm ak bank entènasyonal yo. Kòm moun sa yo pa ka gen yon kont bankè nòmal, li vin enposib pou BRH ba yo pyès sètifika solvabilite.
San dokiman enpòtan sa a, Kreyon Elektoral la ap rejte dosye kandidati a otomatikman, kit se pou eleksyon nasyonal (prezidan, senatè, depite), kit se pou eleksyon lokal (majistra, kazèk).
Pou plizyè obsèvatè, desizyon sa a se yon fason entèlijan otorite yo jwenn pou anpeche moun ki anba akizasyon grav yo antre nan kous la, san yo pa bezwen tann yon desizyon tribinal ayisyen yo ki souvan pran anpil tan pou rann jistis.
Dapre tèks la, objektif prensipal mezi sa a se netwaye pwosesis elektoral la, asire chwa kandida yo pi pwòp, epi anpeche lajan sal oubyen moun ki gen repitasyon yo tache enfliyanse lavni politik peyi a. Poutan, desizyon sa a riske fè anpil bri ak gwo diskisyon nan mitan klas politik la nan jou ki ap vini yo.
Echojounal echojounal.net