Seleksyon nasyonal ameriken an ap louvri tounwa a lakay li nan yon gwo match kote li jwenn sou chemen li yon ekip Paragwe ki toujou moso di pou nenpòt advèsè. Match sa a ap fèt anba gwo presyon ak anpil anbyans bò kote sipòtè yo ki ap tann premye soti ekip lokal la nan gwo randevou sa a.
Rankont enteresan sa a ap jwe nan estade ki sitye nan vil Inglewood, nan leta Kalifòni. Se yon estad modèn ki ka pran plis pase 70,000 moun.
Pou dirije de (2) ekip sa yo sou teren an, FIFA chwazi yon abit ki gen eksperyans nan nivo entènasyonal: Danny Makkelie, ki ap gen siflèt li nan bouch pou kontwole disiplin match la, li soti Peyiba.
Yon pwen enpòtan pou nou sonje: ni Lèzetazini, ni Paragwe pa janm rive jwe yon gwo final nan istwa Koup dimond. Pi gwo pèfòmans ekip ameriken an te reyalize se te yon twazyèm plas nan premye edisyon an an 1930, epi yo te rive nan kadefinal an 2002. Pou ekip Paragwe a, pi gwo kous yo te fè nan yon Mondyal se te yon plas an kadefinal nan lane 2010. Match jodi a se yon okazyon an lò pou chak ekip kòmanse trase chemen pou al pi lwen fwa sa a.
Konpozisyon pwobab pou de ekip yo
Dapre dènye enfòmasyon ki soti nan kan de seleksyon yo, men 11 depa antrenè yo ka mete sou teren an pou kòmanse match la:
Lèzetazini /Paragwe
Gadyen: Matthew Freese
Gadyen: Carlos Coronel
Defansè: Alexander Freeman, Tim Ream, Miles Robinson
Defansè: Gustavo Gómez, Omar Alderete, Júnior Alonso
Mitan Teren: Sergiño Dest, Tyler Adams, Weston McKennie, Antonee Robinson
Mitan Teren: Andrés Cubas, Mathias Villasanti, Diego Gómez
Atakan: Malik Tillman, Christian Pulišić, Folarin Balogun
Atakan: Miguel Almirón, Julio Enciso, Álex Arce
Tout je fikse sou Los Angeles pou nou wè kilès nan de ekip sa yo k ap pran yon opsyon enpòtan nan kòmansman faz gwoup la.
Echojounal echojounal.net