Nan yon match ki te gen anpil tansyon ak gwo emosyon nan Estadio Azteca, seleksyon Angletè a elimine Meksik, peyi ki ap ko-òganize Mondyal la, ak yon fòs jwèt ki fini sou yon eskò final (3-2) an favè angle yo. Yon match bèl kote swasanndis (70) mil moun te swiv ak sispansyon, kote Angletè rive kalifye pou ka de final yo.
Ekip angle a te kòmanse match la ak anpil fòs. Jèn etwal la, Jude Bellingham, te make de bèl gòl byen vit nan premye mitan an nan 36′ ak 38′ minit. Men, Meksik pa te dekouraje devan piblik li a, Julián Quiñones te redwi eskò a pou Meksik nan 42′ minit.
Nan dezyèm mitan an, Angletè jwenn yon penalite ke kapitèn nan, Harry Kane, transfòme san manke nan 60′ minit. Meksik te batay jiskalafen epi Raúl Jiménez te make yon gòl sou penalite tou nan 69′ minit, men sa pa te ase pou sove « El Tri ».
Abit la pa te jwe ak pèsòn nan match sa a e li te distribye plizyè sanksyon:
Katon Wouj: Defansè angle a, Jarell Quansah, te jwenn yon katon wouj dirèk nan 54′ minit apre yon gwo tak sou Jesús Gallardo, desizyon sa a te pran apre verifikasyon VAR la. Angletè te oblije jwe ak 10 jwè pandan prèske tout dezyèm mitan an.
Katon Jòn pou Angletè: Declan Rice (1′), Marc Guéhi (68′), Nico O’Reilly (72′), ak Jordan Henderson (90+8′).
Katon Jòn pou Meksik: Jorge Sánchez (71′) ak Johan Vásquez (90+8′).
Apre Kanada te fin kite konpetisyon an devan Mawòk (0-3), se vwayaj Meksik ki fini la a tou nan wout kay li. Angletè menm ap kontinye avanti a, kote yo pral afwonte ekip Nòvèj la nan ka de final la, yon match ki ap jwe nan Miami Stadium nan Florid.
Yon sispèk politik sou Etazini ak FIFA?
Pandan Meksik ak Kanada ap kriye eliminasyon yo, je tout moun vire sou twazyèm peyi ki ap òganize a: Etazini. Gen gwo rimè ak akizasyon ki ap sikile nan koulwa espò yo ki di prezidan ameriken an, Donald Trump, ta fè gwo presyon sou FIFA pou yo ta retire yon katon wouj pou yon gwo jwè nan ekip ameriken an (apre yon katon wouj yo te pran nan match anvan an kont Bosni).
Anpil obsèvatè ap poze tèt yo kesyon si kalite diplomasi ak presyon sa yo ka ede Etazini genyen Mondyal sa a sou tab, pandan lòt ekip yo ap goumen ak tout san yo sou teren an. jwèt la pral kontinye pale nan jou ki ap vini yo!
Echojounal echojounal.net