Se yon gwo rèl ak dlo nan je pou sipòtè brezilyen yo aswè a. Seleçao a pran yon gwo kalòt nan men ekip Nòvèj la ki bat yo (2-1) nan kad ui-tyèm de final Mondyal 2026 la. Match sa a fini ak rèv brezilyen yo ki te espere genyen yon sizyèm etwal, pandan ke Nòvèj ap fete yon kalifikasyon istorik pou ka de final.
Depi nan kòmansman match la, Brezil te vle montre se li ki mèt teren an, men yo te jwenn yon miray devan yo: gadyen norvèjyen an, Ørjan Nyland, ki te fè yon match ekstrawòdinè. Nan 14yèm minit jwèt la, apre yon verifikasyon ak sistèm VAR la, Brezil te jwenn yon penalite. Malerezman pou jòn ak vè yo, Bruno Guimarães rate chans sa a kote Nyland te plonje byen ba pou bloke boul la. Malgre plizyè okazyon Vinícius Júnior ak jèn gason Endrick te kreye nan dezyèm mitan an, boul la te refize antre.
Pandan Brezil ap pouse pou l make, Nòvèj te jwe yon kout taktik pafè. Nan 79yèm minit, sou yon bèl sant ranplasan Andreas Schjelderup, jeyan Erling Haaland te monte pi wo pase tout defansè yo pou li voye yon kout tèt tou dousman nan fon kan an, ki fè 1-0 pou Nòvèj.
Brezil te lage tout kò l nan atak pou li te ka egalize, sa ki te kite espas nan do defans lan. Nan presizeman 90yèm minit la, Erling Haaland te pwofite yon lòt pas Schjelderup pou l te elimine Danilo epi voye yon chout atè ki pase anba pye Alisson Becker pou fè dezyèm gòl li nan match la (2-0). Avèk double sa a, Haaland rive nan 7 gòl nan konpetisyon an.
Brezil pa te abandone nèt. Nan tan adisyone (90+10 minit), apre yon fòt sou Casemiro nan bwat la, abit la bay Brezil yon penalite. Se gwo vedèt la, Neymar, ki te tire l e ki te make sèl gòl pou Brezil la (2-1). Men gòl sa a te vini twò ta paske touswit apre sa, abit la te soufle kout siflèt final la.
Se premye fwa depi 1990 kote Brezil elimine bonè konsa nan yon faz eliminatwa dirèk nan yon Mondyal. Norvèj li menm ap kontinye wout li kote l ap tann ganyan match ant Angletè ak Meksik la pou l konnen ak ki moun li ap jwe nan ka de final la.
Echojounal echojounal.net