Pou premye gwo afich nan faz gwoup Koup Dimond 2026 la (Gwoup C), Seleção a ak Lyon de l’Atlas yo fini sou yon nòt egalite (1-1) nan mitan yon match ki te gen anpil tansyon ak bèl nivo foutbòl nan estad New York New Jersey.
Depi lè jwèt la kòmanse, ekip Maròk la enpoze yon gwo presyon sou jwè Carlo Ancelotti yo. Brezil te ap pèdi anpil balon nan mitan teren an. Se konsa, nan 21yèm minit, gras ak yon bèl pas kout kouto Brahim Díaz bay, Ismael Saibari pran defans Brezil la an vitès epi li fè yon ti kout boul entelijan (loban) sou gadyen Alisson Becker pou l louvri eskò(0-1). Se premye gòl nan istwa Maròk kont Brezil nan yon konpetisyon konsa.
Brezil pa te dous, men yo gen gwo jwè ki ka fè diferans lan nenpòt lè. Nan 32yèm minit, Bruno Guimarães jwenn Vinícius Júnior sou kote gòch la, li kase jwèt la anndan, li jwe ak kò l epi li voye yon bèl frap tou dousman nan kwen nèt la pou li egalize pou Brezil (1-1). Sa a te pèmèt jwè jòn ak vèt yo al nan poz ak yon ti soulajman.
Nan dezyèm mitan an, Brezil fè kèk chanjman epi yo te kontwole jwèt la plis, men gadyen maroken an, Yassine Bounou, te rete vijilan. Nan fen match la, se Alisson ki te oblije sove Brezil pou Maròk pa te pati ak viktwa a.
Moun ki fè Gòl:
Ismael Saibari (21′ 🇲🇦)
Vinícius Júnior** (32′ 🇧🇷)
Sanksyon Abit la:
Casemiro (36′ 🇧🇷) — pou yon gwo fòt nan mitan teren an.
Roger Ibañez** (42′ 🇧🇷) — pou yon move fot sou yon jwè maroken.
Echojounal echojounal.net