Mondyal 2026: Grenadye yo tonbe ak tout zam yo nan men yo devan Ekòs pou premye soti yo

Istwa a pa kòmanse jan tout pèp ayisyen an t ap espere a. Pou premye match yo nan faz de gwoup Koup Dimond 2026 la, seleksyon nasyonal gason Ayiti a koube l (1-0) devan yon ekip Ekòs ki te trè solid taktikman. Malgre yon gwo batay ak plizyè okazyon rate, Grenadye yo kite twa pwen yo ale, men yo pa demerite.

Match la te pati sou yon gwo rannman kote de ekip yo te ap gade youn lòt nan je. Se finalman nan 38yèm minit jwèt la, atakan vedèt ekosè a, John McGinn, te jwenn twou nan rido defans ayisyen an pou l make sèl grenn gòl rankont la ak yon bèl kout tèt byen plase. Malgre tout efò seleksyon nou an te fè nan dezyèm mi-tan an pou yo te remonte nòt la, nèt la pa t janm kande ankò.

Match la te gen anpil kòfrefou ak gwo angajman fizik, sa ki te obligatwa pou abit la te soti plizyè katon jòn pou l te ka metrize tansyon an sou teren an.
Men lis jwè abit la sanksyone pandan 90 minit yo:

Jwè ki pran Katon Jòn
Ayiti: Carlens Arcus 24′
Ayiti: Danley Jean Jacques 61′
Ekòs: Scott McTominay 41′
Ekòs: Andrew Robertson 78

Erezman, pa te gen okenn katon wouj ki te bay ni bò kote Ayiti, ni bò kote Ekòs, sa ki pèmèt antrenè ayisyen an kenbe tout efektif li pou pwochen match la.

Malgre defèt sa a, espwa yo pa pèdi. Grenadye yo te montre yo gen nivo pou yo jwe nan gwo lakou a. Defans lan te solid nan dezyèm peryòd la, epi mitan teren an te bay bon rannman. Pwoblèm nan te sitou nan chwa final yo ak mank efikasite devan gòl advèsè a.

Ayiti gen de (2) lòt match pou l jwe nan gwoup la. Pou yo espere kalifye pou dezyèm tou a, mesye yo pa gen dwa twonpe yo ankò: fòk yo ranpòte pwochen viktwa a san pèdi tan. Alaso Grenadye!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Japon ak Peyiba Separé Fòs yo pou premye soti yo

Nan kad premye jounen mondyal 2026 la pou Gwoup F la, seleksyon nasyonal Japon an …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager