Pou premye match yo nan Gwoup E a, seleksyon nasyonal Kòt divwa a jwenn yon viktwa gwo kout chapo anba nen ekip Ekwatè a nan Philadelphia Stadium. Malgre ekip Ekwatè a, yo rele « La Tri », te domine premye peryòd la kote yo te menm frape travès fòtèy la de fwa, se Kòt divwa ki te pi malen nan fen match la.
Se jèn jwè Amad Diallo, ki te antre kòm ranplasan, ki delivre pèp ivwaryen an nan 89yèm minit ak yon bèl kout pye apre yon bèl travay Wilfried Singo sou bò dwat la. Viktwa sa a kraze tou yon seri 19 match Ekwatè te fè san li pa pèdi.
Non Estad la: Philadelphia Stadium (Philadelphia, Pennsylvania).
Abit Match la: François Letexier (ki soti nan peyi Lafrans).
Moun ki make gòl (Butteur):
⚽Amad Diallo (Kòt divwa) nan 89yèm minit.
Sanksyon ak kat abit la bay
Abit François Letexier te gen pou li kalme jwèt la plizyè fwa, kote li distribye 4 kat jòn antou pandan rankont la:
Kòt divwa: Seko Fofana 🟨
Kòt divwa: Franck Kessié 🟨
Kòt divwa: Guéla Doué 🟨
Ekwatè: Jackson Porozo 🟨
Pa gen okenn jwè ki te pran kat wouj dirèk oswa ki te ekspilse nan match la.
De (2) ekip sa yo gen yon bèl istwa dèyè yo nan gwo rasanbleman foutbòl entènasyonal sa a:
Kòt divwa: Avèk edisyon 2026 sa a, se 4yèm patisipasyon Kòt divwa nan yon Faz Final Coupe du Monde (apre ane 2006, 2010, ak 2014).
Ekwatè: Pou bò pa yo, Ekwatè ap selebre 5yèm patisipasyon yo nan istwa yo nan yon Mondyal (apre ane 2002, 2006, 2014, ak 2022).
Echojounal echojounal.net