Mondyal 2026: Laswèd kòmanse Koup dimond la ak yon gwo Karaf

Ekip nasyonal Laswèd la kraze ekip Tinizi a (5-1) nan premye match yo pou gwoup F nan Koup Dimond 2026 la. Match sa a te jwe nan Estadio BBVA (yo rele l tou Monterrey Stadium) ki nan peyi Meksik. Se abit syedwa Glenn Nyberg ki te dirije jwèt la.

Moun ki fè gòl yo.
Laswèd: Yasin Ayari (7′ ak 90+6′), Alexander Isak (30′), Viktor Gyökeres (59′), ak Mattias Svanberg (84′).
Tinizi: Omar Rekik (43′).

Abit la te bay yon sèl kat jòn nan match la. Se jwè tinizyen Rani Khedira ki te pran sanksyon sa a nan 53yèm minit. Pa te gen kat wouj.

Istorik nan Koup dimond
Laswèd patisipe pou 13yèm fwa nan yon Koup Dimond (yo te rive nan final an 1958).
Tinizi: patisipe pou 7yèm fwa nan istwa li nan konpetisyon sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ligue des Champions : Le PSG fait tomber le FC Barcelone au terme d’un choc spectaculaire

Au terme d’une rencontre à rebondissements disputée au Parc des Princes, le Paris Saint-Germain s’est …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager