Mondyal 2026: Rezime jounen 23 jen nan mondyal 2026 la

Jounen 23 jen 2026 la te rich anpil nan emosyon pou 13yèm jounen faz an gwoup la nan koup di monn lan. Ant gwo tonton pèfòmans ak match ki te sere anpil, sipòtè yo te jwenn sa yo te ap chache a. Men sa ki te pase nan 4 afich ki te jwe yo ak non tout jwè ki te jwenn chemen nèt la.

Portugal kraze Ouzbekistan (5 – 0)
Se te gwo chòk nan gwoup K a kote ekip Portugal la pa te fè detay menm ak ekip Ouzbekistan an nan Houston Stadium. Apre yon premye match kote li pa te fin byen antre nan tounwa a, lejand la, Cristiano Ronaldo, klere byen fò epi li antre pi fon toujou nan istwa foutbòl la kòm sèl jwè ki make nan 6 edisyon Mondyal diferan.

Bitè Pòtigal:
Cristiano Ronaldo (6′ ak 39′)
Nuno Mendes (17′)
Utkir Nematov (60′, gòl kont kan li)
Rafael Leão (87′)

Angletè ak Gana fè match nil (0 – 0)
Nan Boston Stadium, de gwo moso foutbòl sa yo nan gwoup L la te livre yon gwo batay taktik. Malgre plizyè okazyon bò kote de ekip yo, okenn pa te rive jwenn twou nèt la. Defans yo te rete solid jiskaske kout siflèt final la.
Okenn jwè pa make nan match sa a.

Panama tonbe devan Kwoasi (0 – 1)
Toujou nan gwoup L la nan Toronto Stadium, Kwoat yo jwenn yon viktwa ki enpòtan anpil pou avni yo nan konpetisyon an. Apre yo te fin pèdi premye match yo, yo te oblije batay fò pou yo pran 3 pwen sa yo devan yon ekip Panama ki te gen anpil kouray men ki pa te rive pèse miray defans Kwoasi a.
Bitè Kwasi: Petar Musa

Kolonbi genyen RD Kongo nan doulè (1 – 0)
Pou fèmen jounen an nan Guadalajara Stadium, Kolonbi te gen anpil fil pou li retòde anba men jwè Repiblik Demokratik Kongo yo ki te deplwaye anpil fòs fizik sou teren an. Match la te tèlman sere, se nan dezyèm mi-tan an Kolonbyen yo te rive jwenn delivrans yo gras ak yon aksyon byen mennen.
Bitè Kolonbi: Daniel Muñoz (76′)

Klasman ak Konsekans
Gwoup K: Avèk viktwa sa a, Kolonbi ak Portugal pran yon bon opsyon pou kalifikasyon yo, pandan Ouzbekistan an danje.

Gwoup L: Kwasi relanse tèt li nèt, Angletè ak Gana rete nan kous la tou, sa ki rann dènye jounen an pral yon vrè tonton koze.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026/Cap-Vert ap enpresyone mond lan: Rezime match mondyal la pou 21 Jen 2026 la.

Jounen dimanch 21 jen 2026 la te pote gwo sipriz ak emosyon nan mondyal la. …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager