Gouvènman Fils-Aimé a voye 31 pwofesyonèl lasante nan peyi Venezyela san okenn detay sou lojistik la

Pouvwa defakto a annone ak anpil klanpòt, atravè yon kominike ki soti nan Primati a, yo voye yon delegasyon medikal ak Minis Lasante a nan tèt li ale nan peyi Venezyela. Misyon sa a antre nan kad yon koutmen imanitè aprè yon gwo gwoudou gwoudou (mayitid 7,5) te sakaje peyi sa a nan dat 24 jen 2026 ki sot pase la a.

Si nou ap gade foto ki ap sikile ak kominike ofisyèl la, nou ka konte 31 pwofesyonèl lasante ak espesyalis ki mobilize pou ijans sa a. Men, dèyè bèl paragraf sa yo, gen yon gwo vid ki ap poze keksyon: Konbyen lajan operasyon sa a ap koute kès leta a? Pa gen pyès chif ki bay.

Sa ki pi rèd la, èske doktè ak enfimyè sa yo pati ak materyèl ak medikaman nan men yo pou yo ka bay swen efikas? Oubyen èske se « bra ak sèvo » sèlman pouvwa a mete dispo pou Venezyela, nan yon moman kote pwòp lopital pa nou yo nan kriz total?

Se tout keksyon sa yo popilasyon an ap poze tèt li, keksyon Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, pa te jije nesesè pou l reponn nan nòt li voye bay laprès la. Sitwayen yo ak obsèvatè politik yo pa kache kòlè yo devan sa yo rele yon fason « amatè » l ap dirije peyi a.

Desizyon sa a vin konfime sa anpil moun te ap denonse: otorite yo pito gouvène peyi a ak kout kominike « pale anpil pou pa di anyen », jan aktyèl prezidan CARICOM nan te deklare sa sa pa gen twò lontan ak anpil fòs.

Pandan nou ap tann pou limyè fèt sou depans ak lojistik misyon sa a, reyalite a rete la: diplomasi imanitè mande transparans, yon kalite ki sanble manke anpil nan fason Leta ap jere ijans sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti : 5 ans après l’assassinat de Jovenel Moïse, le Collectif Défenseurs Plus exige justice et élections

Cinq ans après le choc. Dans la nuit du 6 au 7 juillet 2021, le …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager