Mondyal 2026: Lafrans ak Mawòk fas a fas pou yon plas nan Demi-Final!

Presyon an monte nèt! Se aswè a kòmandman yo pral pase nan premye gwo match ka de final koup dimond 2026 la. De nasyon ki gen yon gwo istwa nan foutbòl, Lafrans ak Mawòk, pral kwaze kòd nan yon match kote pa gen anyen ki ap fasil. Se tankou yon gou revanch ki ap plane nan lè a, apre gwo demi-final yo te jwe nan lane 2022 nan peyi Kata kote franse yo te genyen.

Chimen De Ekip yo pou Rive nan Ka de Final sa a
Pandan mwa konpetisyon sa a, de ekip sa yo montre yo genyen anpil fòs ak karaktè nan pye yo:

Lafrans (Les Bleus): Yo fè yon pakou san fòt nan mondyal sa a e yo rete ekip ki pi danjere nan atak ak 14 gòl make. Yo te kòmanse nan gwoup yo kote yo bat Senegal (3-1), Irak (3-0), epi Nòvèj (4-1). Nan faz eliminasyon dirèk yo, yo elimine Laswèd (3-0) nan sezyèm de final, anvan yo te ranpòte yon viktwa di (1-0) kont Paragwe nan uityèm de final gras ak yon penalite Kylian Mbappé.

Mawòk (Les Lions de l’Atlas): Mawòk montre ankò ke li se yon gwo moso. Yo te kòmanse ak yon match nil kont Brezil (1-1), anvan yo te bat Ekòs (1-0) ak Ayiti (4-2) nan faz gwoup la. Nan faz ki swiv yo, yo te elimine Peyiba nan chout dirèk r (penalite) apre yon match (1-1), epi yo bay Kanada yon leson foutbòl (3-0) nan uityèm de final pou yo jwenn plas yo aswè a.

Istorik ak estatistik de ekip yo
Match aswè a ap rich anpil an tèm de istwa ant de peyi sa yo:
Lafrans 🇫🇷 Patisipe nan Mondyal 17 fwa (Yo genyen tit la an 1998 ak 2018)
Mawòk 🇲🇦 7 fwa (Pi bon rezilta yo se te 4yèm plas an 2022)

De ekip sa yo deja jwe 6 fwa nan istwa yo (sa gen ladan match amikal ak match ofisyèl). Franse yo gen avantaj la, men lyon yo ap chèche chanje sa aswè a.

Match la ap jwe nan Boston Stadium (yo konnen l tou sou non Gillette Stadium), ki sitiye nan vil Foxborough, tou pre Boston. Se yon estad ki ka pran anviwon 65,000 moun.

Se abit entènasyonal Ajantin lan, Facundo Tello, ki pral dirije gwo koze sa a. Se yon abit ki gen eksperyans e ki gen karaktè, sa ki montre FIFA pa pran match sa an jwèt.

Gwo match sa a ap kòmanse a 4:00 PM (Lè Boston / Lè Ayiti). Tout je fikse sou ekran yo pou nou wè kilès nan de ekip sa yo ki ap premye jwenn tikè pou demi-final Mondyal 2026 la!

Èske w panse Lyon Atlas yo ap pran revanch yo sou Les Bleus aswè a, oubyen Mbappé ak ekip li a pral kontinye woule moun?

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Laswis elimine Kolonbi nan penalite epi pran randevou ak Ajantin pou yon plas nan demi-final

Sispens lan te total, men nan bout liy lan, se Laswis ki genyen batay la! …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager