Nan yon konferans pou laprès li bay nan okazyon fen konsyans li nan anbasad ameriken an nan Taba, ewo peyi Etazini an nan peyi Dayiti, Henry Wooster, tounen sou dosye estati de Protection Temporaire (TPS) ki konsène anviwon 350 000 ayisyen ki ap viv sou tè ameriken an.
Diplomat ameriken an pwofite okazyon sa a pou l te fè yon rapèl sou nati menm pwogram sa a. Dapre li, mo « tanporè » a gen yon gwo pwa nan fason yo dwe konprann estati sa a depi lè li te kreye an 2010, touswit apre gwo goudougoudou ki te souke peyi Dayiti a.
« Estati sa a te mete sou pye an 2010 apre tranblemanntè ki te frape Ayiti anpil la. Apre 16 lane, moun sa yo ap viv Etazini ak yon estati ki tanporè. Sa ale pi lwen lontan pase avantaj ak privilèj yon estati tanporè abitye bay », se sa anbasadè ameriken an te declare ak fèmte. Li te kontinye pou l di : « Moun sa yo se Ayisyen. Ayiti se peyi yo. »
Chaje dafè ameriken an te rantre tou nan wòl li kòm reprezantan leta ameriken. Li te eksplike ke kòm fonksyonè piblik, li gen obligasyon pou l obeyi ak lalwa peyi l, patikilyèman ak règleman Depatman deta ameriken an.
Dapre Henry Wooster, Lè ekzekitif la oubyen prezidan Etazini an pran yon desizyon ki gen fòs lalwa, tout fonksyonè dwe konfòme yo. « Nou gen obligasyon pou nou respekte epi mete nan aplikasyon tout desizyon ki pran nan kad lalwa nan peyi nou », li te presize.
Deklarasyon sa yo vini nan yon moman kote anpil fanmi ayisyèn nan dyaspora a ap swiv ak anpil enkyetid tout sa ki ap pase alantou lavni TPS la nan peyi Etazini.
Echojounal echojounal.net