Ayiti/PNH: PNH elimine 6 bandi epi sezi yon fizi daso pandan yon operasyon.

‎Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) frape yon gwo kou nan kan gwoup ame yo nan komin Kènskòf. Nan yon operasyon fòs lòd yo te mennen dimanch sa a nan lokalite Viard, omwen sis (6) moun ki sispèk kòm bandi pèdi lavi yo pandan fwonterisid ak pwojèktil lapolis.

‎Lapolis presize operasyon sa a rantre nan kad plan estratejik pou demantele foyer kriminèl yo epi retounen lajistis ak lapè nan popilasyon an, sitou nan zòn ki anwo yo nan depatman Lwès la.

‎Enstitisyon polisiyè a profite okazyon sa a pou li salye kolaborasyon popilasyon an epi konfime angajman li pou li kontinye pèsekite tout gwoup kriminèl ki ap twouble trankilite piblik la sou tout teritwa nasyonal la.

About Angeline Michel

Check Also

Accueil héroïque : l’ex-président Juan Orlando Hernández rentre au Honduras

Gracié par Donald Trump en novembre 2025 puis libéré en décembre, l’ancien président hondurien Juan …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager