Gouvènè Bank Repiblik Dayiti (BRH), ekonomis Ronald Gabriel, anonse yon gwo etap nan pwojè digitalizasyon peman nan peyi a. Inisyativ sa a gen pou objèktif modènize fason moun ak antrepriz fè tranzaksyon finansyè yo chak jou, pandan li ap rann yo pi rapid epi pi an sekirite.
Nouvèl sa a te pote bay piblik la pandan yon konferans pou laprès konsèy administrasyon BRH la te òganize jounen madi 21 jiyè 2026 sa a.
Anplis modènizasyon sa a, nimewo en (1) Bank Santral la fè konnen enstitisyon li ap dirije a ap travay sou entèkoneksyon pòtfèy elektwonik (*portefeuilles électroniques*) yo. Demach sa a ap pèmèt sitwayen yo fè transfè lajan san traka ant diferan aplikasyon ak platfòm ki egziste sou mache a.
Malgre avansman teknolojik sa yo, Ronald Gabriel pa te rete san li pa te tire sonèt dalam sou sèvis finansyè dijital ki ap fonksyone san okenn otorizasyon BRH. Dapre gouvènè a, li trè enpòtan pou gen yon kad legal solid ki pou sipèvize nouvèl teknoloji yo — tankou kriptomonè yo (*cryptomonnaies*) — pou ka pwoteje lajan ak entèrè itilizatè yo nan peyi a.
Echojounal echojounal.net