Mondyal 2026: Lajantin ak Lejip pral chache yon plas pou Ka de Final Aswè a!

‎Presyon an ap monte nèt nan vil Atlanta aswè a. Nan kad uityèm de final Mondyal 2026 la, chanpyon an tit la, Lajantin, ap kwaze ak ekip sipriz tounwa a, seleksyon Lejip la. De nasyon sa yo, ki gen gwo istwa nan foutbòl nan kontinan pa yo (Copa América pou Lajantin ak CAN pou Lejip), pral goumen pou nòmalize plas yo pami 8 pi bon ekip sou planèt la.

‎Pakou de ekip yo nan Mondyal Sa a
‎Lajantin: Albiceleste a te kòmanse tounwa a byen fò kote yo te fini premye nan gwoup yo ak yon katon plen: 9 pwen sou 9 posib. Men, nan faz eliminatwa a (wonn 32), yo te pran yon gwo sezisman kont ekip Kap Vè a. Yo te oblije ale nan pwolongasyon pou yo te genyen 3-2 gras ak yon rale mennen vini nan 111yèm minit. Lionel Messi ap mache sou dlo nan konpetisyon sa a kote li deja make 7 nan 11 gol Lajantin yo.

‎Lejip: Pharaons yo ap ekri istwa nan edisyon sa a. Apre yon faz de gwoup kote yo te fè plizyè wout, yo te rive elimine Ostrali nan ti o bi (4-2) apre match la te fini 1-1 nan wonn 32 a. Se premye fwa nan istwa peyi sa a yo rive nan yon faz konsa nan yon moso Mondyal. Mohamed Salah ap pote tout espwa yon pèp sou zepòl li pou eseye kreye gwo sipriz la.

‎Konbyen Fwa yo patisipe nan Mondyal?
‎Lajantin: Se yon abitye nan gwo randevou sa a. Lajantin gen 19 patisipasyon nan istwa li nan Koup di Mond (san konte edisyon 2026 sa a). Yo genyen twa zetwal sou mayo yo (1978, 1986, ak 2022).

‎Lejip: Pou nasyon Afriken an, istwa a pi kout. Lejip gen sèlman 3 patisipasyon nan istwa li nan Koup di Mond (1934, 1990, ak 2018) anvan edisyon sa a. Yo pa te janm genyen yon match nan faz eliminasyon dirèk nan istwa yo anvan tounwa sa a.

‎Istorik Konfwontasyon yo
‎Se pral premye fwa nan istwa Koup dimond de ekip sa yo ap jwe yon match ofisyèl youn kont lòt. Nan listwa foutbòl jeneral, yo te konn kwaze sèlman 2 fwa anvan sa:
‎ 1. Nan Je Olenpik 1928 (Amstèdam) kote Lajantin te kraze Lejip 6-0.
‎ 2. Nan yon match amikal nan vil Kè (Cairo) an 2008, kote Lajantin te genyen 2-0.

‎Estatistik yo bay Lajantin avantaj, sitou paske yo gen yon seri 8 viktwa konsekitif kont ekip Afriken nan Mondyal. Men, ak sipriz ki ap tonbe nan tounwa sa a, Salah ak konpatriyòt li yo pare pou yo bay tout sa yo genyen pou yo ekri yon paj lejand. Match la pwomèt anpil chalè!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Angletè mete Meksik deyò nan Mondyal la malgre yon katon wouj

Nan yon match ki te gen anpil tansyon ak gwo emosyon nan Estadio Azteca, seleksyon …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager