Ayiti/Jistis : Yon polisye ak madanm li kondane pou pase tout rès vi yo nan prizon

Nan yon desizyon ki make yon etap enpòtan nan batay kont enpinite nan peyi a, tribinal kriminèl Pòtoprens ki te ap syeje san asistans jiri rann santans li nan dosye asasina trajik polisyè Nathanielle Médjine Michel.

Polisye Jean Andersen Cantave, yon Ajan 2 ki te te afekte nan Unité Départementale de Maintien de l’Ordre (UDMO), ansanm ak madanm li, Nathalie Michel, jwenn kondanasyon yo jounen madi 28 jiyè 2026 la. Jidisyè a rekonèt yo koupab pou krim asasina, konplisite nan asasina, ak asosyasyon malfektè.

Chèf tribinal la, majistra Bernard Saint-Vil, pwononse santans lan anfòm ak sa lalwa prevwa pou kalite krim sa yo : travay fòse pou tout lavi.

Krim sa a ki te rive nan dat 28 out 2024 nan zòn Delmas 75, te lakòz yon gwo emosyon ak kòlè nan mitan popilasyon an ak anndan Pèsonèl Polis Nasyonal peyi Dayiti (PNH). Polisyè Nathanielle Médjine Michel te tonbe anba bal nan yon atak.

Envestigasyon yo ak pwosesis lajistis la pèmèt etabli rèsponsablite ak konplisite Jean Andersen Cantave ak madanm li nan lanmò sila.

Pwononsyasyon vèdik sa a pa sèlman rann jistis bay fanmi ak memwa Nathanielle Médjine Michel, men li voye yon mesaj fèm bay tout moun, anplwaye leta kou enstitisyon sekirite yo : pèsonn pa anwo lalwa.

Desizyon jij Bernard Saint-Vil la mete yon pwen final nan yon dosye ki te kenbe atansyon opinyon piblik la pandan plizyè mwa, epi li tou rapòte enpòtans pou lajistis kontinye fè travay li pou konbat krim ak kòripsyon nan peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Complicité de terrorisme : Moscou émet un mandat d’arrêt international contre Pavel Durov

Le Service fédéral de sécurité russe (FSB) a engagé des poursuites pénales contre Pavel Durov, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager