Ayiti/Trajedi : De machann pèdi lavi yo nan yon aksidan bò mache Télélé

Yon gwo aksidan sikilasyon fèt vandredi 31 jiyè 2026 la a sou wout Frè, nan zòn mache Télélé, lakòz de (2) machann pèdi lavi yo ak plizyè lòt ki soti blese grav.

Daprè premye temwayaj yon machann ki te sou plas, se yon kamyon-kontenè ki ta pèdi fren, ki lakòz chofè a pèdi kontwòl machin nan epi al frape plizyè fanm ki ap vann bò wout la.

Majistra komin Pèsyonvil la, Kesner Normil, ki te vin sou plas pandan operasyon degajman yo, fè konnen otorite yo ap travay pou libere trotwa yo ak bò wout la. Sepandan, li déplore lefèt ke anpil nan machann yo souvan konprann sa mal e yo panse se yon fason pou anpeche yo chèche lavi.

Bò kote pa yo, machann ki chape poul yo lanse yon apèl bay otorite lokal yo nan Petyonvil pou ede yo ak yon mache ki an sekite nan dispozisyon yo. Yo raple se pa pou plezi ni pa chwa yo enstale yo sou kòtwout la, men se paske yo pa gen okenn lòt kote pou yo fè ti komès yo pou bay fanmi yo manje.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Argentine :Le président ferme les frontières aux étrangers tenant des propos haineux contre le pays

Le président argentin Javier Milei a signé un décret d’urgence restreignant l’accès au territoire ou …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager