Nazon: Reziyans ak solidarite nan kè popilasyon an ki deside retounen lakay yo

Ant laperèz ak espwa, plizyè fanmi ki te oblije kouri kite kay yo nan zòn Nazon akoz vyolans gwoup ame yo soti pou reprann kontwòl lavi yo. Nan kad yon konbit reziyans, yon gwoup sitwayen ki deside retounen viv nan zòn nan mete sou pye yon estrikti ki pote non « Baz Jamè Dodo », ak yon sèl gwo misyon: ankouraje epi ede tout lòt deplase yo tounen Lakay yo.

Pou make ofisyèlman lansman inisyativ sa a, manm « Baz Jamè Dodo » yo te òganize yon gwo moman solidarite jounen vandredi 31 jiyè 2026 la kote yo te distribye pla cho bay tout fanmi ki te deja fè kouraj la pou retounen abite nan kartye a. Moman sa a te fèt nan yon anbyans konvivyalite ak tèt ansanm, ki reyalize yon gwo pa nan direksyon pou re bay lavi ak espwa nan Nazon.

« Nou pa ka kontinye ap viv tankou refijye nan pwòp peyi nou pandan lakay nou ap pèdi lavi. Rezo sa a fèt pou montre nou ka ansanm, nou ka sipòte youn lòt, epi nou ap batay pou n reprann espas nou, » se deklarasyon youn nan responsab estrikti a pandan aktivite a.

Aktivite sila a pa te sèlman yon moman pataje ak solidarite, li te sèvi tou kòm yon tribin pou sitwayen yo voye yon mesaj klè epi fèm bay otorite defakto yo nan peyi a. Manm « Baz Jamè Dodo » yo ak tout abitan ki te prezan profite mande Leta Ayisyen pou l pran tout mezi ki nesesè pou garanti sekirite zòn nan.

Egalman, yo mete aksan sou bezwen pou sèvis de baz yo tounen nan kartye a san pran tan, patikilyèman:
Mete dlo potab pou reponn ak bezwen popilasyon an.
Restabli kouran elektrik nan tout zòn nan pou ede reponn ak pwoblèm sekirite a epi pemèt lavi a reprann nòmalman.

Nazon, menm jan ak plizyè lòt katye nan zòn metwopolitèn nan, ap chèche jwenn yon souf apre plizyè mwa tèt chaje. Inisyativ sitwayèn sa a montre klèman volonte popilasyon an pou l pa janm bese tèt devan kriz la, pandan yo ap tann yon repons konkrè ak vit nan men Leta pou pèmèt tout moun retounen viv ak diyite lakay yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Argentine :Le président ferme les frontières aux étrangers tenant des propos haineux contre le pays

Le président argentin Javier Milei a signé un décret d’urgence restreignant l’accès au territoire ou …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager