Peyi la Frans tape sou tab la konsènan pwosesis elektoral la an Ayiti. Pou anbasadè fransè a, Antoine Michon, li enposib pou peyi a gen yon eleksyon ki kredib si pèp la ak kandida yo pa ka sikile san kè sote nan lari a.
Nenpòt jan sa ye, sekirite a dwe pase anvan tout bagay. Se mesaj prensipal reprezantant peyi la Frans la voye bay otorite defakto yo ak popilasyon an.
Diplomat la pa panche tèt li sou travay Konesèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ap fè a. Li jwenn sa bon lè KEP a pibliye yon kalandriye pou montre kouman bagay yo ap mache. Sepandan, li rapòte ke papye sèlman pa ka fè eleksyon.
« Kandida yo fèt pou yo ka fè kanpay san danje, epi chak sitwayen dwe kapab al mete bilten l nan bwat lan san pèsonn pa menase l, » se sa anbasadè a te fè konprann.
Konseye diplomat la klè : li ta pi bon pou otorite yo ranvwaye dat eleksyon yo yon ti tan ankò, tan pou yo mete sekirite nan peyi a, pase pou yo al nan yon vòt ki ka mennen yon kriz lejitimite pi devan.
Antoine Michon fini pa sonje ke amelyorasyon sekirite a, bon jan livraj sèvis piblik ak bon fonksyonman enstitisyon yo se prensipal kondisyon ki va pèmèt pwochen dirijan yo gen tout lejitimite nesesè pou yo dirije peyi a.
Echojounal echojounal.net