‎Ayiti/Edikasyon: Anseyan nan ba Latibonit manifeste pou mande touché lajan yo nan Verèt.

‎

‎Anseyan nan kat distrik lekòl nan zòn ba Atibonit pran lari lendi 5 oktòb 2026 sa a nan komin Verèt, pou yo proteste kont fason otorite yo deside peye salè yo.

Pwofesè yo rejte ak fòs desizyon ki oblije yo fè wout ale Saint-Marc toupre a jis pou yo ka pran chèk yo. Yo ap mande ak ensistans pou distribisyon chèk yo fèt dirèkteman nan komin Verèt.
‎
‎Manifestan yo mete aksan sou de gwo pwoblèm ki lakòz yo pran lari a:
‎
‎Yon gwo kout transpò: Yon ale-retounen pou Saint-Marc koute ant 10 000 ak 15 000 goud, sa ki manje yon bon pati nan ti salè pwofesè yo dwe touche a.
‎
‎Problem ensekirite a: Anplis pwoblèm lajan an, Anseyan yo denonse gwo danje ki genyen sou wout la akòz ensekirite a, sa ki mete lavi yo nan risk chak fwa yo oblije vwayaje.
‎
‎Devan sitiyasyon sa a ki pa ka kontinye konsa, pwofesè yo voye yon gwo tèt ansanm ale jwenn Ministè Edikasyon Nasyonal ak Ministè Finans pou yo reevalye desizyon sa a byen vit epi pèmèt yo touche salè yo san tèt chaje nan zòn kote yo ap sèvi a.


‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Diplomasi: Nayib Bukele ta evite rankontre otorite ayisyèn yo nan Salvadò.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, pa te rankontre prezidan salvadoryen an, Nayib …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager