‎Kenscoff : MARNDR ak FAO distribye materyèl agrikòl bay 1400 pwodiktè

 

‎Nan lide pou ede relanse pwodiksyon lokal la epi batay kont grangou, Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR), avèk sipò Oganizasyon Nasyon Ini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO), distribye yon pakèt zouti agrikòl bay 1400 pwodiktè nan komin Kenscoff, samdi 3 oktòb 2026 la.
‎
‎Aksyon sa a rantre nan kad yon kout zepòl pou pèmèt plantè yo ranfòse travay yo nan jaden, pouse pwodiksyon peyi a devan epi fè manje pi disponib sou mache yo, jan MARNDR fè konnen l nan yon nòt pou laprès.
‎
‎Dapre presizyon ministè a bay, chak benefisyè te resevwa yon kit ki genyen zouti ak materyèl nesesè pou fasilite travay tè a :
‎ * Yon awozwa
‎ * Angrè konplè
‎ * Yon pèch (houe)
‎ * Yon rato
‎
‎Gras ak ekipman sa yo, pwodiktè nan komin Kenscoff ap kapab amelyore kondisyon travay yo nan jaden epi rive jwenn yon pi bon rannman nan rekòt ki ap vini yo.


‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Diplomasi: Nayib Bukele ta evite rankontre otorite ayisyèn yo nan Salvadò.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, pa te rankontre prezidan salvadoryen an, Nayib …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager