Ekip nasyonal foutbòl maskilen Ayiti a reyalize yon bèl opòtinite nan dènye klasman FIFA pibliye mèkredi 7 oktòb 2026 sa a. Grenadye yo genyen kat plas anplis, sa ki pèmèt yo monte nan 84yèm ran mondyal la ak yon total 1 280,91 pwen.
Pwogresyon sa a konfime yon bèl remonte pou seleksyon nasyonal la konparativman ak dènye piblikasyon an, yon rezilta ki tradui efò ak pèfòmans ekip la te deplwaye sou teren an nan dènye soti li yo.
Sou plan rejyonal, ekip la ki ap evolye anba gidans antrenè espayòl David Badia ap kontinye fè bon figi nan klasman Konfederasyon Amerik Nò, Amerik Santral ak Karayib la (CONCACAF). Grenadye yo enstale yo nan 6yèm plas la ak 1 521 pwen, yon pozisyon ki mete yo toupre Top 5 zòn nan.
Kounye a, Ayiti konfime plas li dirèkteman dèyè gwo tennfas rejyon an tankou Meksik, Etazini, Kanada, Panama ak Ondiras.
Avansman sa a nan klasman FIFA ak CONCACAF la pote yon bon vant frechè pou ekip la ak vizyon taktik David Badia a, pandan l ap relanse espwa ak konfyans fanatik ayisyen yo pou pwochen jounen entènasyonal ki ap vini yo.
Echojounal echojounal.net