Depatman Finans ameriken an (U.S. Department of the Treasury) anonse madi 13 oktòb 2026 sa a yon gwo sanksyon kont Bank of America, youn nan pi gwo enstitisyon finansye nan peyi Etazini. Bank lan pral gen pou l peye plis pase 1.2 milya dola ameriken nan amann ak penalite paske li pa te konsilte ni ranpli obligasyon lalwa mande pou konbat blanchiman lajan.
Daprè sa ki soti nan yon deklarasyon ofisyèl depatman an fè, chèf ak direktè Bank of America yo te chwazi “pito fè plis benefis ak ogmante chif yo” nan plas pou yo te konfòme yo ak regleman ak pwosedi sekirite lalwa enpoze sou yo.
Lalwa mande pou tout gwo bank sa yo gen kontwòl strik sou transfè lajan ki ap fèt pou anpeche krim ak aktivite iligal kouvri. Men daprè sa regilatè yo revele, neglijans Bank of America te kite espas pou kriminèl, tankou gwo rezo ki ap fè trafik dwòg entènasyonal, kontinye sèvi ak sistèm bankè a pou pase lajan sal yo ak fasilite tranzaksyon yo.
Ankèt regilatè finansye yo montre Bank of America pa te soumèt dè milye rapò sou aktivite sispèk bay otorite yo kòm sa dwe fèt. Trafik lajan sispèk sa yo reprezante plizyè milya dola sou plizyè ane ki sot pase yo.
Olye pou bank lan te envesti nan sistèm ak pèsonèl pou kontwole tranzaksyon sa yo, li te konsidere kontwòl sa yo tankou yon depans initil ki ta ap redui benefis li yo.
Yon mesaj ki klè pou tout lòt bank yo
Amann 1.2 milya dola sa a se youn nan pi gwo penalite finansye Depatman Finans ameriken an janm bay yon bank sou teritwa ameriken an pou kalite vyolasyon sa yo.
Anplis gwo amann sa a, gouvènman ameriken an enpoze lòt kondisyon sevè sou Bank of America:
1- L ap oblije mete sou pye yon pwogram pi strik kont blanchiman lajan sou siveyans otorite yo.
2- Li ap gen pou li sibi enspeksyon regilye anvan li lanse sèvis oubyen pwodui finansye ki gen gwo risk ladan yo.
Avèk sanksyon espektakilè sa a, gouvènman ameriken an vle voye yon mesaj klè bay tout lòt enstitisyon bankè yo: okenn bank, kelkeswa gwosè l, pa anwo lalwa epi sekirite finansye peyi a ak konbat krim pa dwe janm sakrifye pou rapòte plis benefis.

Echojounal echojounal.net