Konsèy Sekirite Nasyonzini (ONU) vote yon lòt fwa ankò yon rezolisyon pou pwolonje sanksyon sou Ayiti pou yon lane. Tèks sa a, ki gen ladan li yon anbago sou zam ak minisyon, entèdiksyon pou vwayaje, ak moun ki ap sipòte bandi yo, jwenn apwobasyon 14 peyi sou 15, pandan Larisi chwazi swiv.
Malgre mezi sa yo ap poze sou papye depi kèk lane, yon gwo kesyon ap domine nan lespri anpil Ayisyen ak analis politik yo: Èske sanksyon sa yo gen yon enpakt reyèl sou teren an pou konbat kriz ensekirite a?
Sou papye, sanksyon yo gen yon objektif klè: koupe branch finansye ak ekipman gang ame yo ki ap simen laterè nan peyi a. Rezolisyon an prevwa tou pou Leta ayisyen ak fòs sekirite entènasyonal yo kapab kontinye resevwa zam ak asistans pou retounen lapè.
Sepandan, anpil obsèvatè lonje dwèt sou diferans ki genyen ant desizyon ki pran nan New York ak reyalite Pòtoprens ak lòt depatman yo:
Malgre anbago a, zam ak minisyon ki soti lòt bò dlo patikilyèman nan peyi Etazini kontinye ap rantre sou kòt ak nan pò peyi a san okenn gwo obstak.
Jis kounye a, lis moun ki anba sanksyon Nasyonzini yo rete trè piti konpare ak kantite chèf gang, finansyè, ak politisyen ki enplike nan trafik zam ak sipòte ensekirite a.
Sezi byen ak entèdiksyon vwayaj yo pa toujou touche moun ki ap deplase lajan ak zam atravè rezo ki kache pa bò isi ak nan entènasyonal la.
Pandan kèk moun panse sanksyon sa yo voye yon senbòl e yo kreye yon pwofondè presyon sou elit politik ak ekonomik ki ap finanse dezòd la, anpil lòt wè yo tankou yon pansman sou yon gwo blese ki bezwen chiriji.
Pou sanksyon yo ta ka gen yon efè reyèl sou kriz la, ekspè yo analize ke gen trwa gwo kondisyon ki dwe ranpli:
Peyi ki gen rapò ak transpò zam yo (tankou Etazini) dwe ranfòse kontwòl nan pò ak dwàn yo pou anpeche zam yo soti nan peyi pa yo pou rantre an Ayiti.
Sanksyon entènasyonal pa ka ranplase yon sistèm jistis ayisyen ki fò, ki kapab jije ak pini moun ki ap vyole lalwa yo sou tè lakay.
Anbago a gen eksepsyon pou Leta ayisyen, men sa dwe tradui an fèt ak ekipman adekwa, fòmasyon, ak sipò lojistik pou Lapolis Nasyonal la (PNH) ak Fòs Lame Dayiti (FAD’H) kapab repran kontwòl teritwa a.
Renouvèlman sanksyon yo pou yon ane anplis ak pwolongasyon mandat Gwoup Eksper yo pou 13 mwa se yon etap diplomastik. Men pou pèp ayisyen an ki anba tèt chaje ak fòse deplase chak jou, solisyon an p ap soti nan senp vòt nan Konsèy Sekirite a. Li bezwen aksyon konkrèt sou teren an, yon volonte politik san kouti, ak yon konba reyèl kont koripsyon ak impinite.
Echojounal echojounal.net