Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an an Ayiti, Carlos Ruiz Massieu, lanse yon apèl fèm bay otorite ayisyen yo. Li mande gouvenman an ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou yo mete tèt ansanm yon fason pou fè yon evalyasyon serye sou kondisyon sekirite ak lojistik nan peyi a, anvan yo pran desizyon sou yon kalandriye elektoral definitif.
Pandan yon entèvansyon li fè devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an sou sitiyasyon an Ayiti, mesye Ruiz Massieu ensiste sou danje ki genyen lè yo ap bay nouvo dat pou eleksyon yo san yo pa ta gade reyalite teren an.
Avètisman sa a mete aksan sou yon defi ki pi gwo pase òganizasyon teknik la menm: kredibilite ak konfyans. Nan yon kontèks kote kriz sekirite a ap peze lou chak jou sou lavi sitwayen yo, chak fwa otorite yo anonse yon dat pou eleksyon epi yo oblije ranvwaye l, sa fè pèp la pèdi plis konfyans toujou nan kapasite enstitisyon yo pou yo delivre rezilta.
Pou responsab Nasyonzini an, li ap pi bon pou aktè yo pran tan pou mezire tout defi ki genyen sou plan sekirite ak lojistik yo anvan yo angaje peyi a nan yon nouvo pwosesis ki pap echwe ankò. Apèl sa a rive nan yon moman kote tout moun ap mande ki jan tranzisyon politik ak retablisman lòd piblik pral mache ansanm nan peyi a.

Echojounal echojounal.net